Al gade sa k anndan l

Sè Mieko Yoshinari o Japon k ap ekri kòmantè l yo ak gwo lèt paske l pa wè byen.

28 AVRIL 2021
NOUVÈL ENTÈNASYONAL

Yo te fè lekòl pyonye pa mwayen videyo konferans pou premye fwa

Yo te fè lekòl pyonye pa mwayen videyo konferans pou premye fwa

Akoz pandemi an, pandan ane sèvis 2021 an, sou tout tè a, yo te fè lekòl pyonye pa mwayen videyo konferans pou premye fwa. Elèv yo te fè tout posib yo pou yo asiste lekòl sa a, paske yo te gen rekonesans pou bèl dispozisyon sa a òganizasyon Jewova a pran an. Egzanp ki vin annapre yo montre ki jan Jewova te ede kèk pyonye fè fas ak difikilte yo te jwenn pou yo te ka asiste lekòl la.

Nan peyi Japon, sè Mieko Yoshinari ap sèvi kòm pyonye pèmanan depi 30 an. (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) Malgre li pa fin alèz pou l sèvi ak aparèy elektwonik e l pa wè byen, li te detèmine pou l asiste lekòl pyonye ki t ap fèt pa mwayen videyo konferans lan. Men sa l di: “Mwen te ekri rechèch mwen te fè yo ak gwo lèt yon fason pou m te ka li yo byen fasil lè m ap fè kòmantè. Grasa lekòl pyonye a, Jewova te ankouraje m e l te ban m fòs.”

Nan peyi Kenya, sè Anita Kariuki, k ap viv Tika, yon vil toupre Naywobi, ap travay ak tèt li kòm estetisyèn. Se sa ki pèmèt li pran swen tèt li pou l ka pyonye. Pou l ka asiste lekòl la, li t ap oblije fèmen stidyo a pou yon semèn. Okòmansman, sè Anita te strese anpil, men l te gen konfyans total Jewova t ap ede l. Men sa l di: “M te priye Jewova pou l ede m, m te kite pwoblèm nan nan men l e m te kontinye sèvis mwen.” Nan wikenn anvan lekòl la, li te rive fè ase kòb pou l kouvri pifò depans li yo. Malgre l te manke 30 dola ameriken pou l fin gen tout sa l bezwen, li te asiste lekòl la. Apre sesyon mèkredi a, gen yon kliyan ki rele sè Anita pou l peye l yon balans li te dwe. Se te egzakteman kantite kòb sè Anita te bezwen pou l fin kouvri depans li yo!

Nan peyi Ondiras, akoz siklòn Eta ak Yota, kay sè Laurenth Madrigales nan vil Yoro, te inonde e te gen labou rive anviwon yon mèt wotè. Fanmi l te pèdi prèske tout sa yo te genyen e yo te deplase yo pou yon ti tan. Se nan moman sa a, sè Laurenth te jwenn envitasyon pou l asiste lekòl pyonye a. Li te vrèman kontan dèske yo te envite l, men l te enkyè paske l pa t panse fanmi an t ap gentan fin netwaye kay la anvan lekòl la kòmanse. Men sa sè Laurenth di: “Chak jou, nou te oblije kòmanse netwaye byen bonè nan maten epi pou n fini byen ta nan aswè. Nou te fè sa pandan plizyè jou. Mwen te fatige anpil. Mwen te santi m pa gen ase fòs pou m etidye e pou m prepare pou lekòl la. Mwen te di frè yo mwen pap kapab asiste lekòl la.” Li te priye Jewova sou fason l te santi l akoz sitiyasyon an. Kèk jou anvan lekòl la, li te sezi lè Komite pou pote sekou a te pwopoze yo pou yo netwaye kay la. Sa te ba l tan pou l prepare e l te kapab asiste lekòl la lakay li.

Sè Laurenth Madrigales nan Ondiras ak kay li a anvan yo te netwaye l apre l te fin sibi gwo domaj akoz siklòn.

Ozetazini, frè Spencer Stash ak madanm li, Alexandra, se pyonye pèmanan nan vil Klivlann, nan Owayo. Yon ti tan anvan lekòl la, Robert, papa frè Spencer, ki vèf, te antre lopital. Frè Spencer ak madanm li pa t fin konnen si yo ta dwe asiste lekòl la. Robert te ankouraje yo pou yo asiste. Malerezman, de jou anvan lekòl la kòmanse, li mouri. Malgre frè Spencer ak sè Alexandra te gen gwo lapenn, se sèlman premye jou lekòl la yo te rate. Yo te priye anpil e Jewova te ba yo fòs pou yo asiste lekòl la. Frè Spencer di li santi l anpè paske l te fè sa papa l te vle l fè a. Men sa l di ankò: “Nou pa ka tann pou n di l nou te rive asiste lekòl la e pou n pataje kèk nan bagay nou te aprann yo avè l. Elèv yo ak enstriktè yo te ban nou èd nou te bezwen nan moman an.”

Nan Kore disid, sa fè dizan depi frè Jung Dae-sik ap viv nan yon sant kote moun ki granmoun rete. Li te fè yon stwok e depi lè a li gen yon pati nan kò l ki paralize. Se sou chèz woulant li ye. Li te deja eseye asiste lòt lekòl pyonye ki te fèt anvan sa. Men, akoz sitiyasyon l, li pa t janm rive asiste plis pase yon jou. Se sa k fè, lè l te jwenn envitasyon pou l asiste lekòl la pa mwayen videyo konferans, li te kontan anpil. Men sa l di: “Mwen te tèlman kontan dispozisyon sa a, mwen pa t ka anpeche dlo koule nan je m. Si se pa t konsa yo te fè lekòl la, pa gen okenn fason pou m ta asiste l. Mwen te kontan anpil dèske m te ka patisipe nan lekòl la.”

Frè Jung Dae-sik nan Kore k ap asiste lekòl pyonye a detan l nan mezon retrèt la.

Frè Eddy El Bayeh ak madanm li, Cherise, ki pyonye ann Ostrali.

Nan peyi Ostrali, frè Eddy El Bayeh ak madanm li, Cherise, ap viv nan Nouvèl Gal disid. Men sa sè Cherise di: “Mwen te santi mwen pa pwogrese nan sèvis mwen. Mwen te gen yon woutin, e m pa t konn ki jan pou m vin pi chofe nan sèvis la.” Men, lekòl pyonye a se egzakteman sa l te bezwen. Men sa l di ankò: “M te wè plizyè fason m te ka fè plis nan sèvis mwen menmsi sitiyasyon an fè l pa fasil.”

Men sa Eddy fè konnen sou fason lekòl la te ankouraje l: “Se kòmsi Souvren an li menm te ban m yon gwo akolad epi l ban yon ti tap sou zepòl pou l di m: ‘Kenbe la! Mwen avè w, mwen renmen w e m gen sousi pou ou!’”

Yo planifye pou yo fè plis klas pa mwayen videyo konferans pandan ane a. Sa vrèman ankouraje nou lè n konnen pèp Jewova a kontinye jwenn fòmasyon malgre eprèv. Sa fè nou sonje pawòl Jòb te di yo: “Gade! Bondye gen anpil pisans. Ki pwofesè ki tankou l?” — Jòb 36:22

Foto ki pi ba yo montre enstriktè ak elèv nan lòt peyi k ap asiste lekòl pyonye pa mwayen videyo konferans tou.

AJANTIN: Kèk elèv k ap sèvi ak yon fon sou òdinatè a pou fè yon demonstrasyon sou fason pou yo bay temwayaj enfòmèl nan machin piblik.

KAMEWOUN: Frè Guy Leighton, yon enstriktè nan lekòl pyonye e ki misyonè nan peyi Kamewoun depi 12 an, k ap montre klas la yon kopi Woulo Lanmè mòt la pandan yon kou sou tradiksyon Labib.

LAGRÈS: Frè Takis Pantoulas, yon siveyan sikonskripsyon k ap sèvi nan sant peyi Lagrès, k ap anseye pandan lekòl pyonye a.

ITALI: Youn nan senk klas pyonye ki fèt ann anglè nan peyi a.

MEKSIK: Kèk nan moun ki te asiste lekòl pyonye a k ap sèvi ak liv pyonye a nan lang tzotzil, yon lang yo plis pale nan Eta Chyapas. Se te premye fwa tou klas la te fèt nan lang tzotzil nèt.

SRI LANKA: Frè Nishantha Gunawardana ak madanm li, Shiromala, k ap sèvi kòm pyonye espesyal, k ap asiste lekòl la.

TANZANI: Frè William Bundala, yon ansyen nan Zanziba, ki chita nan lakou l pou l asiste lekòl la paske se la siyal Entènèt la pi bon.