Al gade sa k anndan l

(Agoch) Youn nan bagay pratik nou ka fè pou n pwoteje tèt nou se lè nou kenbe kote moun manyen souvan yo pwòp ni lakay nou ni nan Sal Wayòm nan; (Nan mitan) Nan kèk zòn kote gen maladi a, pwoklamatè yo ka chwazi patisipe nan travay predikasyon an sou lòt fòm tankou temwayaj nan telefòn; (Adwat) Nan zòn kote maladi a ap gaye, selon jan sa ye nan zòn nan, ansyen yo ka bay pwoklamatè yo posiblite pou yo suiv reyinyon ki deja anrejistre’

3 MAS 2020
NOUVÈL ENTÈNASYONAL

Dènye enfòmasyon sou kowonaviris la ak fason pou n pwoteje tèt nou

Dènye enfòmasyon sou kowonaviris la ak fason pou n pwoteje tèt nou

Syèj mondyal Temwen Jewova yo ap suiv deprè fason maladi kowonaviris la (oswa COVID-19) ap gaye. Selon pwofesi ki nan Bib la, nou konnen epidemi se youn nan siy ki montre n ap viv nan dènye jou yo (Lik 21:11). Lè gen yon epidemi maladi, li saj pou n pran prekosyon pou n pwoteje ni tèt nou ni lòt moun. — Pwovèb 22:3.

Gen kèk nan nou ki ka ap mande tèt nou kòman frè ak sè nou yo ap degaje yo nan zòn kote maladi a deja gaye yo. Pandemi kowonaviris la gen yon gwo enpak sou filyal ak kongregasyon ann Itali, o Japon, nan Kore disid ak nan lòt peyi. Nan kèk ka, biwo filyal yo oblije anile vizit moun deyò te gen pou vin fè nan filyal yo. Nan kèk lòt ka, gouvènman an limite kantite moun ki ka reyini ansanm, sa ki fè gen filyal ki anile asanble sikonskripsyon yo. Mete sou sa, nan kèk zòn, kongregasyon yo te oblije fè lòt aranjman pou yo preche e pou yo asiste reyinyon. Malgre tout difikilte sa yo, frè ak sè nou yo kontinye manje nan domèn espirityèl e youn kontinye ankouraje lòt. — Jid 20, 21.

Nan sitiyasyon sa yo, frè nou yo te twouve prensip annapre yo te itil. Yo kapab ede ou menm ak fanmi w tou si n ap fè fas ak yon epidemi maladi nan zòn nou.

  • Pa panike. Se vre li bon pou nou okouran ki epidemi ki genyen e pou n pran prekosyon yon fason ki rezonab, men nou pa dwe aji sou kout tèt akoz nou pè. Men pito, nou dwe reyaji yon fason ki rezonab selon bonjan enfòmasyon nou genyen. — Pwovèb 14:15; Ezayi 30:15.

  • Suiv enstriksyon otorite yo nan gouvènman an bay. Byen souvan, otorite nan zòn nan konn bay ki prekosyon pou moun pran oswa ki bagay pou yo evite fè. Li bon pou n okouran enstriksyon otorite yo bay e pou n suiv yo. — Women 13:1.

  • Kenbe yon bon ijyèn. Li enpòtan pou nou lave men nou souvan ak dlo ak savon oswa pou n sèvi ak yon likid ki fèt ak alkòl pou dezenfekte men nou. Epitou, nou dwe netwaye kote moun manyen souvan ni lakay nou ni nan Sal Wayòm yo. Mete sou sa, espesyalis nan domèn medikal yo pa ankouraje moun bay lamen nan sitiyasyon sa yo, paske sa kapab fè maladi a gaye plis. Òganizasyon mondyal lasante bay plis konsèy anrapò ak kowonaviris la.

  • Demontre lanmou pou lòt moun. Se vre nou byen konnen jan l enpòtan pou n asiste reyinyon kongregasyon an e pou n patisipe nan travay predikasyon an, men si nou malad, li pi bon pou nou rete lakay nou pou n evite kontamine lòt moun. Konsa, n ap demontre lanmou pou frè ak sè nou yo e pou moun nan zòn nou ki pa Temwen e n ap pwoteje yo. — Matye 22:39.

  • Suiv direksyon yo bay konsènan ajisteman yo fè nan fason kongregasyon an fonksyone pou yon ti tan. Nan zòn kote gen epidemi maladi, li ka nesesè pou biwo filyal la anile reyinyon kongregasyon yo, asanble yo ak lòt evènman pou yon ti tan. Se sa k te rive nan kèk zòn kote kowonaviris la te frape fò anpil, tankou nan zòn Itali, Japon ak Kore disid. Selon jan sitiyasyon an ye nan zòn nou an, ansyen yo kapab bay posiblite pou nou suiv reyinyon ki deja anrejistre, konsa nou ka suiv yo pandan nou lakay nou. Pwoklamatè yo kapab patisipe nan travay predikasyon an pa mwayen telefòn, mesaj tèks, imel oswa lèt.