Al gade sa k anndan l

NOUVÈL ENTÈNASYONAL

Yo nan prizon pou lafwa yo — Krime

Yo nan prizon pou lafwa yo — Krime

Gwo opozisyon otorite Larisi yo lage kont Temwen Jewova yo gaye rive nan Krime. Gouvènman Larisi a pa sèlman mete entèdiksyon sou sant administratif legal Temwen Jewova yo, men tou li montre aklè li vle yo kanpe adorasyon pezib y ap bay Bondye a. Depi lè otorite Larisi yo te mete entèdiksyon an ann avril 2017, yo deja debake nan plizyè rasanbleman Temwen yo divès kote nan peyi a, sa ki lakòz yo arete yon pakèt Temwen epi yo mete yo nan prizon. Menm aksyon gwo ponyèt sa yo ap fèt kounye a kont Temwen Jewova yo nan Krime.

Yo fouye plizyè kay nan Djankòy an novanm 2018

Jou ki te 15 novanm 2018 la, nan Djankòy, nan Krime, gen apeprè 200 polisye ak ofisye nan yon fòs espesyal ki te rantre ak fòs nan 9 kay kote te gen ti gwoup Temwen ki te reyini pou li Bib la epi pale sou li. Gen omwen 35 ofisye ak zam ak kagoul ki te pete pòt antre lakay Sergey Filatov, kote te gen sis Temwen ki te reyini. Temwen yo te pè anpil lè yo te wè aksyon vyolan sa a. Ofisye yo te pran yon granmoun gason 78 an, yo plake l nan yon mi, yo fòse l kouche atè, yo mete minòt nan men l epi yo tèlman bat li, li te oblije al lopital. Gen de lòt granmoun gason ki te tèlman twomatize, yo te oblije kouri al lopital ak yo paske tansyon yo te monte anpil. Malerezman, gen yon jèn dam ansent yo te rantre ak fòs lakay li ki fè foskouch.

Sergey Filatov.

Apre yo te fin fouye kay mesye Filatov, yo te lage akizasyon kriminèl sou do l sou baz atik 282.2 (1) kòd penal Larisi a paske l ap òganize aktivite pou yon òganizasyon ki swadizan ekstremis. Nan dat 5 mas 2020, jij Mariya Yermakova nan tribinal distri Djankòy nan Krime te kondane mesye Filatov pou l pase sizan nan prizon. Apre yo te fin pran desizyon an, yo te mennen l tousuit nan prizon. Kondanasyon sa a rèd anpil e mesye Filatov pa merite l pou swadizan krim li fè a, paske se yon reyinyon pezib li t ap òganize lakay li. Mesye Filatov marye e l gen kat pitit, e de ladan yo minè.

Nan dat 26 me 2020, Lakou siprèm Repiblik Krime te tande mesye Filatov, ki te fè apèl, e l te kenbe desizyon premye tribinal la te pran nan dat 5 mas la. Kondanasyon pou sizan prizon an te aplikab tousuit. Lè yo konsidere kantite tan l te deja pase nan prizon san yo potko jije l, l ap gen pou l soti nan prizon 23 janvye 2026. Avoka mesye Filatov yo ap pote ka sa a yo konsidere kòm yon enjistis devan plizyè tribinal entènasyonal.

Yo rantre ak fòs nan kèk kay nan vil Yalta an mas 2019

Artem Gerasimov.

Nan dat ki te 20 mas 2019 la, yon seri ofisye nan yon inite espesyal te rantre ak fòs nan 8 kay Temwen Jewova nan vil Aloupka ak vil Yalta, ki nan Krime. Yo te kenbe Artem Gerasimov pou yon ti tan e yo te pran poze l kesyon. Pandan ofisye yo t ap fouye kay yo, yo te pran Bib, òdinatè ak aparèy elektwonik yo te jwenn yo. Apre sa, yo te akize mesye Gerasimov kòmkwa l ap òganize aktivite ekstremis senpleman paske l te reyinyi ak kèk lòt moun pou yo pale sou Bib la.

Apre sa, nan dat 3 mas 2020, tribinal vil Yalta nan Repiblik Krime te kondane frè Gerasimov pou l peye 400 000 woub (anviwon 6 000 dola ameriken) kòm amann. Li te fè apèl desizyon sa a. Nan dat 4 jen 2020, Lakou siprèm Repiblik Krime te rejte apèl la e yo te kondane l pou l pase sizan nan prizon. Desizyon sa a te aplikab tousuit e yo te tou mennen frè Gerasimov nan prizon. L ap fè apèl desizyon sa a.

Yo rantre ak fòs nan kèk kay nan vil Sevastopol an jen 2019

Viktor Stashevskiy.

Nan dat ki te 4 jen 2019 la, nan aswè, yon seri ofisye nan yon inite espesyal te rantre ak fòs nan 10 kay Temwen Jewova nan Sevastopol. Gen yon ka kote ofisye yo te rantre nan kay yon moun alòske li pa t la, yo te kraze pòt la. Yo te kontinye fouy yo byen ta nan nuit lan e otorite yo te sezi disk di, telefòn ak tablèt. Yo te arete mesye Viktor Stashevskiy e annapre yo te lage l, men yo te ba l lòd pou l pa t kite zòn nan. Mete sou sa, yo te lage akizasyon sou mesye Stashevskiy kòm moun k ap òganize aktivite ekstremis.

Nan dat ki te 29 mas 2021 an, tribinal distri Gagarinski nan vil Sevastopol te kondane mesye Stashevskiy pou l pase sizan edmi nan prizon. Menm kote a, yo te tou ale avè l pou fèmen l epi mete l nan prizon. Li fè apèl kont desizyon an, men tribinal vil Sevastopol la te rejte desizyon an nan dat ki te 10 out 2021.

Yo arete moun epi mete yo nan prizon an 2020

Nan dat ki te 1ye oktòb 2020 an, yo te rantre ak fòs nan 9 kay Temwen Jewova nan Sevastopol, nan Krime. Apre fouy yo, yo te kenbe senk mesye ak yon dam nan prizon. Apre kèk èdtan nan prizon an, yo te lage dam nan. Se sou baz atik 282.2(1) kòd penal Larisi a yo te fè fouy yo epi kenbe moun yo nan prizon, e aksyon sa yo fè pati de ankèt kriminèl yo ouvri. Youn nan ankèt kriminèl yo se kont ak Aleksandr Kostenko, Vladimir Maladyka, Vladimir Sakada, Evgeniy Zhukov. Lòt ankèt la se kont Igor Shmidt.

Igor Shmidt

Nan dat ki te 2 oktòb 2020 an, tribinal distri Leninski nan vil Sevastopol te bay lòd pou yo kenbe kat nan mesye yo nan prizon. Se FSB Repiblik Krime ak vil Sevastopol ki te ouvri ankèt kriminèl yo. Se Yu.A. Andreyev, anketè espesyal FSB pou ka enpòtan yo, ki te mennen ankèt la. Nan mwa mas 2021, apre yo te fin pwolonje kantite tan mesye yo ap pase nan prizon, yo te lage twa ladan yo, men yo pa t ka kite lakay yo pou yo ale kote yo vle. Nan mwa me 2021, yo te lage mesye Zhukov men li pa t ka kite kay li pou l al kote l vle. Nan dat 22 oktòb 2021, tribinal distri Gagarinski, nan vil Sevastopol, kondane mesye Shmidt pou sizan prizon.

Dat ak evènman ki te pase

  1. 22 oktòb 2021

    Yo kondane mesye Shmidt pou sizan prizon.

  2. 10 out 2021

    Tribinal nan vil Sevastopol la rejte apèl mesye Stashevskiy la.

  3. 29 mas 2021

    Yo kondane mesye Stashevskiy pou l pase sizan edmi nan prizon.

  4. 1ye oktòb 2020

    Yo te rantre ak fòs nan 9 kay nan Sevastopol. Yo te arete kat Temwen Jewova e yo te kenbe frè yo nan prizon. Annapre, yo te lage frè yo, men frè yo pa t ka kite kay yo pou y ale kote yo vle.

  5. 4 jen 2020

    Lakou siprèm Repiblik Krime kondane mesye Gerasimov pou l pase sizan nan prizon.

  6. 26 me 2020

    Lakou siprèm Repiblik Krime tande mesye Filatov ki te fè apèl e l kenbe dezisyon premye tribinal la.

  7. 5 mas 2020

    Yo kondane mesye Filatov pou l pase sizan nan prizon.

  8. 3 mas 2020

    Tribinal vil Yalta nan Repiblik Krime kondane mesye Gerasimov pou l peye 400 000 woub (anviwon 6 000 dola ameriken) kòm amann.

  9. 25 fevriye 2020

    Jijman mesye Filatov sou baz akizasyon kriminèl kòmanse nan tribinal distri Djankòy la.

  10. 4 jen 2019

    Yon inite espesyal te rantre ak fòs nan dis kay nan Sevastopol. Yo te akize mesye Stashevskiy kòm moun k ap òganize aktivite ekstremis.

  11. 20 mas 2019

    Ofisye nan yon inite espesyal rantre ak fòs nan 8 kay nan vil Aloupka ak vil Yalta. Yo poze mesye Gerasimov kesyon e apre sa yo akize l kòmkwa l ap òganize aktivite ekstremis.

  12. 15 novanm 2018

    Plis pase 200 polisye ak ofisye nan yon inite espesyal rantre ak fòs nan 8 kay nan Djankòy, e pami kay sa yo te gen kay mesye Filatov.