Al gade sa k anndan l

Charyo ki nan plizyè kote sou boulva Las Vegas, nan vil Las Vegas, eta Nevada, Ozetaziniv

5 MAS 2024
ETAZINI

Anpil moun tande mesaj Bib la pandan semèn Super Bowl 2024 la

Anpil moun tande mesaj Bib la pandan semèn Super Bowl 2024 la

Nan dat 11 fevriye 2024, vil La Vegas, ki nan eta Nevada Ozetazini, te akeyi match Super Bowl 2024, ki se yon gwo match nan foutbòl ameriken an. Yo estime gen 300 000 moun ki vizite vil la pandan semèn yo jwe match la. Youn nan ri ki gen plis aktivite se boulva Las Vegas e Temwen Jewova yo te mete charyo piblikasyon 50 kote sou boulva sa a. Charyo yo te gen piblikasyon nan nèf lang. Te gen anviwon 1 500 frè ak sè ki te patisipe nan kanpay espesyal sa a. Men kèk eksperyans frè ak sè yo te viv pandan kanpay sa a.

Gen yon mesye ki t ap pase bò kot yon charyo ki gen yon pano ki ekri: “Èske gen espwa pou planèt nou an?” Menm kote a, li tounen pou l vin pale avèk Temwen ki te bò kot charyo yo. Li di jan sa k ap pase nan monn nan ba l pwoblèm. Li te byen kontan tande pwomès ki nan Jeremi 29:11 ki montre pral gen lapè. Li te fè plis pase inèdtan ap pale avèk frè yo. Lè l t aprale, li di li ta renmen asiste yon reyinyon.

Sè k ap pale ak yon fanmi ki vini bò kot yon charyo

Nan yon lòt zòn bò stad la, gen yon ajan sekirite ki remake youn nan charyo nou yo ki gen menm pano ki ekri: “Èske gen espwa pou planèt nou an?”. Piske l te nan travay, li di frè yo l ap retounen lè l fini. Apre yon ti tan, li retounen e li di frè yo sa pa gen twò lontan depi li kòmanse li Bib la poukont li. Frè yo tou esplike l nou etidye Labib ak moun, e li te vle jwenn plis esplikasyon sou sa. Frè yo te pran dispozisyon pou yon Temwen kontakte l.

Lavèy Super Bowl la, Temwen yo te pale avèk yon fi pandan yo t ap preche kay an kay. Li di li wè yo pale sou charyo nou yo nan televizyon. Li di: “N ap fè yon bèl travay. Nan moman difisil sa yo, nou bezwen yon bagay ki pou ban nou espwa.” Apre sa, li mande ki bò Temwen Jewova yo nan zòn nan fè reyinyon, e a ki lè.

Nou kontan wè gen moun ki kontinye reponn lè ‘sajès la rele nan kwen lari’. Yo tande sa grasa kanpay predikasyon espesyal sa yo nou fè pou glwa Jewova, Bondye nou an. — Pwovèb 1:20, 21.