Al gade sa k anndan l

Yon foto dife Diksi a ki fèt nan lannuit nan Kalifòni, Ozetazini.

16 OUT 2021
ETAZINI

Gwo dife lakòz anpil dega nan Kalifòni

Gwo dife lakòz anpil dega nan Kalifòni

Plizyè gwo dife lakòz anpil dega nan Kalifòni, Ozetazini. Pi gwo dife a se dife Diksi a, ki rive gaye sou plis pase 145 290 kawo tè. Nan pwen sa ye kounye a, se dezyèm pi gwo dife nan istwa Kalifòni.

Sitiyasyon frè ak sè nou yo

  • 415 pwoklamatè deplase kite kay yo.

  • 17 kay kraze nèt.

  • 2 kay sibi gwo domaj.

Dispozisyon pou pote èd

  • Siveyan sikonskripsyon ki nan zòn ki afekte yo ap fè aranjman ak ansyen nan kongregasyon ki nan zòn nan pou yo bay frè ak sè yo èd yo bezwen nan domèn espirityèl, afektif ak fizik, sa gen ladan l ede moun ki deplase kite kay yo jwenn yon kote pou yo rete annatandan.

  • Toutpandan yo t ap bay èd sa yo, yo te veye pou yo respekte prekosyon yo dwe pran kont COVID-19 la.

Menm lè pèp Jewova a ap fè fas ak difikilte, yo montre yo se bon zanmi ki dispoze ede frè ak sè yo. — Pwovèb 17:17.