Al gade sa k anndan l

1ye SEPTANM 2020
ETAZINI

Gwo dife lakòz anpil dega nan lwès Etazini

Gwo dife lakòz anpil dega nan lwès Etazini

Zòn li frape

Nò kalifòni ak Oregon.

Katastwòf

  • Plis pase 700 dife pran akoz anviwon 14 000 loray ki tonbe e akoz lòt bagay ankò. Sa ki lakòz plis pase 400 000 ekta tè boule nan nò Kalifòni ak lòt zòn ankò nan Oregon.

  • Lafimen ak sann te lakòz lè a vrèman pa bon pou moun respire. Nan dat ki te 21 out 2020 an, yo te fè konnen nò Kalifòni se kote sou tè a ki gen pi move lè pou moun respire.

  • Selon sa yo fè konnen, de nan gwo dife sa yo se dezyèm ak twazyèm pi gwo dife ki genyen nan istwa Kalifòni.

Sitiyasyon frè ak sè nou yo

  • 936 pwoklamatè te oblije deplase al rete yon lòt kote padan yon tan.

Dega

  • 2 pwoklamatè gen kay yo kraze.

Dispozisyon pou pote èd

  • Gen yon komite sekou k ap travay avèk siveyan sikonskripsyon ak ansyen yo nan zòn nan pou ede moun ki viktim yo.

Se pa ti apresye frè ak sè yo apresye èd yo jwenn nan men frè yo. Men sa yon frè di: “Kèlkeswa sa k rive, òganizasyon an pap pran tan pou ede nou. Nou fè pati yon fanmi.” Tout efò ki fèt pou pote sekou yo se prèv ki montre anyen pa kapab “separe nou ak lanmou Bondye”. — Women 8:39.