Al gade sa k anndan l

20 OUT 2020
ETAZINI

Gwo loray ak gwo van fè anpil dega Ozetazini

Gwo loray ak gwo van fè anpil dega Ozetazini

Zòn li frape

Eta ki nan sant Etazini.

Katastwòf

  • Nan dat 10 out 2020 an, yon seri gwo loray ak gwo van te frape plizyè pati nan peyi Etazini. Se yon fenomèn meteyolojik ki rele “derecho”.

  • Van yo te ravaje plant yo e yo te fè dega nan anpil kay. E anpil moun te nan blakawout pandan yon tan.

Sitiyasyon frè ak sè nou yo

  • 2 pwoklamatè blese.

  • 18 pwoklamatè te oblije kite kay yo.

Dega

  • 216 kay sibi ti domaj.

  • 5 kay sibi gwo domaj.

  • 24 Sal Wayòm sibi ti domaj.

Dispozisyon pou pote èd

  • Komite sekou yo ap travay ak siveyan sikonskripsyon yo ansanm ak ansyen yo ki nan zòn nan pou yo pote èd ki nesesè pou frè ak sè nou yo ki afekte yo.

Nou konnen Jewova ap kontinye soutni frè ak sè nou yo ki viktim nan katastwòf sa yo. E n ap tann avèk enpasyans epòk kote nou pap bezwen pè pou n ta pèdi kay nou akoz katastwòf natirèl. — Ezayi 65:21.