Al gade sa k anndan l

Gwo tanpèt frape Kalifòni, Etazini, sa ki lakòz gwo dega.

19 JANVYE 2023
ETAZINI

Gwo tanpèt frape lwès Etazini

Gwo tanpèt frape lwès Etazini

Nan dat ki te 4 janvye 2023 a, te kòmanse gen anpil nèj, anpil lapli ak gwo van nan Kalifòni, Etazini. Tanpèt yo ki te fin dechennen te lakòz inondasyon, glisman teren, ak blakawout. Plizyè milye moun te oblije kite kay yo, e gen omwen 19 moun ki mouri. Nan kèk zòn, kantite lapli tanpèt yo pote nan sèlman kèk jou plis pase mwatye lapli ki ta dwe tonbe nan ane a.

Sitiyasyon frè ak sè nou yo

  • Pa gen okenn frè ak sè ki mouri.

  • 199 pwoklamatè oblije kite kay yo.

  • 4 kay sibi gwo domaj.

  • 141 kay sibi ti domaj.

  • 23 Sal Wayòm sibi ti domaj.

  • 1 biwo tradiksyon adistans sibi ti domaj.

Dispozisyon pou pote sekou

  • Siveyan sikonskrisyon yo ak ansyen yo vizite fanmi ki viktim yo epi ba yo èd pratik.

  • Yo ranje 44 kay pou moun ka viv ladan l san pwoblèm.

  • Yo repare 15 kay.

Nou gen konfyans Jewova ak konsole frè ak sè nou yo nan moman detrès sa a. — Sòm 50:15.