Al gade sa k anndan l

Kongrè rejyonal 2023 ki gen tèm “Montre nou gen pasyans”! k ap fèt Newburgh, Nouyòk, Etazini.

15 ME 2023
ETAZINI

Kongrè rejyonal 2023 ki gen tèm “Montre nou gen pasyans”! lan kòmanse

Kongrè rejyonal 2023 ki gen tèm “Montre nou gen pasyans”! lan kòmanse

An mas 2020, nou te sispann fè kongrè rejyonal nou yo an pèsòn akoz pandemi COVID-19 la. Ane sa a, gen plis pase 6 000 kongrè rejyonal k ap fèt toupatou sou tè a nan plis pase 500 lang. Tèm kongrè a se: “Montre nou gen pasyans”! Premye nan kongrè sa yo k ap fèt an pèsòn te fèt soti 12 pou rive 14 me 2023.

Te gen plis pase 1 800 moun ki te la nan kongrè sa a ki te fèt nan Sal asanble Temwen Jewova yo ki nan Newburgh, Nouyòk, Etazini. Pami moun sa yo, te gen sè Khrystine Torres. Men sa l di: “Lè prezidan an te di: ‘Nou di nou byenvini,’ tout moun ki te nan sal la te pran bat bravo. Tout moun te kontan anpil dèske finalman nou te ka reyini ansanm.” Men sa frè Duane Smith, ki te la tou, te di: “Kè kontan ki te genyen an te vrèman estrawòdinè. Ou te kapab wè jan frè ak sè yo te kontan reyini ansanm.”

Sè Jessica Dolcemascolo, ki te batize pandan peryòd pandemi an, potko janm asiste yon kongrè an pèsòn anvan sa. Men sa l di konsènan eksperyans sa a: “Gwo kè kontan mwen te genyen ak lanmou mwen te viv la te tankou jan m santi m lè m wè yon bon zanmi m gen lontan mwen pa t wè.” Men sa Noemi Tinajero, yon sè ki gen 18 an e ki te batize nan kòmansman ane a, te di: “Ou te kapab wè fanmi ki gen kè kontan, zanmi ki gen kè kontan [...]. Se te tankou nou nan monn nouvo a.”

Plizyè sè ki rive nan kongrè a nan Newburgh nan vandredi maten.

Anpil moun te montre yo gen rekonesans pou tèm kongrè a. Men sa frè Sam Huh te di: “Li difisil pou anpil nan nou pou n montre nou gen pasyans. Donk, se yon bon rapèl nou jwenn pou n imite bèl egzanp Jewova ban nou nan kesyon demontre pasyans.” Men sa sè Frenchie Smith te di: “Kongrè sa a montre jan sa enpòtan pou m gen pasyans nan tout aspè nan lavi m. Tout pwogram nan nèt ap itil nou.”

Se pa ti ankourajman moun ki te asiste premye kongrè sa a, ki te fèt nan Newburgh, Nouyòk, te jwenn! Nan mwa k ap vini yo, n ap plizyè milyon moun tè a ki pral jwenn byenfè nan pwogram sa a ki baze sou Bib la yo prepare pou nou. — Sòm 122:1.