Al gade sa k anndan l

OCTOBER 1, 2021
ETAZINI

Liv Matye a parèt nan lang mong

Liv Matye a parèt nan lang mong

Nan dat ki te 25 septanm 2021 an, Labib — Bon nouvèl la selon Matye te parèt nan lang mong sou fòma elektwonik. Se frè Geoffrey Jackson, yon manm Kolèj santral la, ki te anonse liv biblik sa a nan yon reyinyon espesyal yo te pase an dirèk, kote te gen plis pase 2 500 moun ki te asiste l nan lemonnantye.

Se premye liv nan Bib la nan Labib — Tradiksyon monn nouvo a ki parèt nan lang mong, yon lang ki gen plis pase 3,9 milyon moun nan lemonnantye ki pale l a. Selon tradisyon pèp mong nan, yo kwè moun dwe adore bagay ki nan lanati e yo kwè moun ki gen pouvwa espesyal ka kontwole kreyati espirityèl yo.

Nan ane 1970 yo, anpil moun nan pèp sa a te kouri al nan kan refijye nan peyi Tayilann. Finalman, gen yon kantite nan refijye sa yo ki t al viv nan peyi oksidantal yo. Pifò t al viv Etazini.

Jodi a, moun ki pale lang mong k ap viv Etazini ap viv prensipalman nan Kalifòni, Minesota ak Wiskonsin. Temwen Jewova yo te kòmanse tradui nan lang mong an 2007. An 2012, yo te mete yon biwo tradiksyon a distans nan Sakramennto, nan Kalifòni.

Ekip tradiksyon an te pran twa mwa pou yo fini ak liv Matye a. Te gen yon gwoup moun ki nan senk peyi ki t ap verifye tradiksyon yo fè a.

Ekip tradiksyon an te gen pou fè fas ak yon sitiyasyon ki difisil pandan pwojè sa a. Se apre ane 1950, lang mong nan te vin yon lang yo ekri, e li pa gen règ pou majiskil ak fason pou ekri mo yo.

Premye tradiksyon Labib yo te vin disponib nan ane 1980 yo, men anpil nan moun ki pale lang mong lan pa t ka achte yon Bib paske li te twò chè. Epitou tradiksyon yo te fè yo te gen anpil bagay ki pa egzak ki te kache bonjan konpreyansyon moun te dwe gen sou Bib la. Pa egzanp, gen yon tradiksyon Labib ki te ranplase Jewova, non Bondye genyen an, ak non yon moun ki nan istwa pèp la.

Men sa yon tradiktè di: “Kounye a, Tradiksyon monn nouvo a ki parèt nan lang mong nan ap ede moun ki sensè yo pou yo resi ka li non Jewova nan pwòp Bib pa yo epi vin zanmi l. Se sa nou t ap tann e nou t ap priye pou li pandan tout ane sa yo.”

Moun ki li tradiksyon sa a fè konnen jan yo apresye l. Men sa youn ladan yo di: “Lè m te li liv Matye a nan lang mong, mwen te sezi. Mwen t ap di: ‘Sa k fè tradiksyon sa a fè m gen tout emosyon sa yo?’ Ebyen, se paske mwen te ka imajine istwa a byen vit nan lespri m.”

Liv Matye a ki parèt nan lang mong nan montre aklè Bondye nou an ki pa gen patipri ap fè Pawòl li a disponib pou tout moun k ap chèche l. — Travay 10:34, 35.

a Moun k ap fè rechèch yo pa rive konnen kantite moun pèp mong lan genyen. Yo panse gen 2,7 milyon moun ki pale lang mong k ap viv nan pwovens ki nan sidès Lachin. Gen anviwon 1,2 milyon lòt k ap viv Vyetnam Lawòs, Tayilann ak nan lès Myanma. Gen plis pase 170 000 lòt k ap viv Etazini.