Al gade sa k anndan l

Frè Joseph F. Rutherford k ap pale nan kongrè ki te fèt Cedar Point, Ohio, Ozetazini an nan dat 10 septanm 1922. Foto adwat la: Yon kamera pou fè fim k ap anrejistre pwogram nan.

11 AVRIL 2022
ETAZINI

Sa ki nan mize nou

N ap chèche videyo kongrè ki te fèt nan Cedar Point lan

N ap chèche videyo kongrè ki te fèt nan Cedar Point lan

Yon jounal k ap fè reklam pou videyo kongrè Cedar Point lan.

Kongrè ki te fèt nan Cedar Point, Ohio, Ozetazini an 1922 a se yon kongrè Temwen Jewova yo konnen ki te enpòtan paske se nan kongrè sa a frè Joseph F. Rutherford te ankouraje tout moun pou yo preche Wayòm nan.

Men, gen yon lòt rezon ki fè kongrè sa a te enpòtan: Yo te anrejistre kongrè a. Pou kounye a, nou poko jwenn okenn kopi videyo sa a.

Gen yon foto yo te pran an septanm 1922 nan kongrè entènasyonal la ki montre yon estrad kote gen yon kamera k ap anrejistre evènman enpòtan sa a. Nan epòk la, yo te fèk kòmanse ap fè fim kote moun yo ap bouje.

Sanble videyo sa a te disponib pou piblik la. Pa egzanp, gen yon jounal ki te fè reklam pou fim nan. Li te ankouraje moun yo pou yo “gade videyo a lakay yo pou yo ka wè zanmi yo ak diskou batèm nan”. Jounal la te bay kèk konsèy pou preche tou, li te di: “Envite vwazen w vin gade l epi sèvi ak imaj kongrè a pou w ba yo temwayaj. Plase kòmann ou kounye a.”

Si w konn kote nou ka jwenn yon kopi videyo sa a, tanpri kontakte Depatman mize a nan adrès imel MuseumDonations@jw.org oswa ekri Syèj mondyal Temwen Jewova yo: World Headquarters of Jehovah’s Witnesses, 1 Kings Drive, Tuxedo Park, NY 10987. Nou swete jwenn videyo sa a ki enpòtan anpil nan istwa Temwen Jewova yo.