Al gade sa k anndan l

8 SEPTANM 2021
ETAZINI

Ouragan Ida lakòz anpil dega nan sid ak nan nò Etazini

Ouragan Ida lakòz anpil dega nan sid ak nan nò Etazini

Nan dat ki te 29 out 2021 an, ouragan Ida, kategori 4, te frape Port Fourchon, nan Louisiana. Li te lakòz gwo vag lanmè, li te pote anpil lapli ak gwo van. Kòm rezilta, te gen gwo inondasyon, gen anpil kay ki te kraze e te vin pa gen kouran. Nan dat ki te 1ye septanm nan, te gen gwo inondasyon sanzatann ak toubiyon nan nòdès Etazini akoz rès ouragan an ak tanperati ki te gen nan zòn nan. Nan kèk zòn, sa ap pran anpil tan anvan resi gen kouran.

Sitiyasyon frè ak sè nou yo

  • Jiska prezan, nou pa aprann gen frè ak sè ki mouri.

  • 2 frè blese, men yo pa grav.

  • 1 sè rete lopital akoz li te blese pandan li t ap kouri kite kay li.

  • 1 429 kay gen ti domaj.

  • 183 kay gen gwo domaj.

  • 19 kay kraze.

  • 43 Sal Wayòm gen ti domaj.

  • 10 Sal Wayòm gen gwo domaj.

  • 4 Sal asanble gen ti domaj

Kay yon sè nan New Orleans, Louisiana, ouragan an kraze.

Dispozisyon pou pote èd

  • Siveyan sikonskripsyon yo ki nan zòn nan ak ansyen yo, san wete Komite sekou a ankouraje frè ak sè ki viktim yo.

  • Yo te ede moun ki nan nesesite yo jwenn sa yo bezwen, tankou manje, rad ak medikaman.

  • Tout moun k ap patisipe nan travay pote sekou yo respekte prekosyon yo dwe pran kont COVID-19 la.

Frè ak sè yo te pare e yo te konn sa pou yo fè lè gen katastwòf ki frape. Epitou, yo te obeyi gouvènman an lè yo deplase kite zòn ki danjere yo. Tout bagay sa yo te ede yo sove lavi yo. — Pwovèb 22:3.