Al gade sa k anndan l

Konstriksyon an ap vanse nan nouvo sant pou vizitè nan Betèl Patèsonn nan.

10 FEVRIYE 2022
ETAZINI

Renovasyon ak nouvo konstriksyon nan Betèl Patèsonn nan Nouyòk la ap kontinye vanse

Renovasyon ak nouvo konstriksyon nan Betèl Patèsonn nan Nouyòk la ap kontinye vanse

Y ap konstwi yon nouvo bilding pou vizitè yo nan Sant ansèyman Temwen Jewova yo nan Patèsonn, Nouyòk, Etazini. Bilding nan ap mezire 2 787mèt kare e l ap gen de etaj. Yo panse fini l nan mitan ane 2023 a. Bilding nan ap gen yon mize ki gen twa ekspozisyon k ap toujou gen menm bagay yo ak yon ekspozisyon ki pap toujou gen menm bagay yo. Bilding nan ap ka resevwa 1 200 vizitè chak jou. Mete sou sa, yo renove anpil nan bilding ki nan lokal la, e yo chanje yon seri ekipman ki la lontan e ki pèmèt bilding yo fonksyone. Prèske mwatye nan travay renovasyon ak nouvo konstriksyon an fini.

Frè yo ki t ap òganize travay k ap fèt nan pwojè a te jwenn difikilte akoz pandemi COVID-19 la. Pwojè a te prèske kanpe akoz li te difisil pou yo jwenn materyo yo bezwen pou yo fè konstriksyon an pandan pandemi an. Pa egzanp, pandan yo t ap fè yon pati enpòtan nan konstriksyon an, te vin manke siman. Men, frè yo te rive jwenn kantite siman ki nesesè pou yo fin koule dal yo t ap koule nan yon gwo espas, e sa te rive fini nan tan yo te fikse pou sa. Epitou, byenke pri asye yo t ap monte disèt wotè, frè nou yo te rive achte kantite asye yo te bezwen nan yon bon pri paske yo te deja siyen kontra alavans pou bagay yo t ap achte yo.

Pandan Betèl la te fèmen an, volontè yo te ka travay adistans menmsi yo lakay yo, konsa pa t ap gen reta sou travay yo t ap fè ki gen rapò ak plan sa y ap konstwi yo. Pandan yon tan, li pa t posib pou nou rankontre ak otorite nan vil la akoz restriksyon ki te genyen akoz pandemi an, sa ki te ka ralanti pwojè a. Men, kòm komite konstriksyon an te sèvi ak videyo konferans pou travay sere sere ak plizyè depatman nan Betèl la, ak otorite nan zòn nan e ak volontè adistans yo, yo te rive jwenn pèmisyon ki nesesè yo.

Enstriksyon anrapò ak konfinman an te fè li pa t posib pou n envite nouvo volontè sou chantye a, sa ki te yon lòt pwoblèm. Men, ozanviwon mwa septanm 2020, li te vin posib pou nou envite volontè aplentan pou yo rete epi travay sou chantye a.

Yo te envite sè Jennifer Paul pou l sèvi nan pwojè a pandan pandemi an. Men sa li te di konsènan travay konstriksyon an: “Mwen renmen travay di. Men se pa t jis travay la mwen te renmen, mwen te renmen moun yo. Ou ka wè se òganizasyon Jewova a k ap aji e se Jewova k ap mennen bagay yo.”

Pou kounye a, gen 440 volontè, sa gen ladan l anviwon 350 volontè ki sou chantye a, k ap travay nan sant vizitè nan Patèsonn nan ak nan pwojè renovasyon yo. Frè ak sè nou yo kontinye wè Jewova ba yo tout sa ki nesesè pou pwojè sa a kontinye vanse e pou l fini. — 1 Kwonik 29:16.

 

De frè k ap fouye yon twou pou drenaj pou sant pou vizitè yo.

Yon sè k ap mete kab sou yon klimatizè, sa ki fè pati renovasyon k ap fèt nan bilding nan pou pran swen l.

Yon frè ap prepare yon poto asye pou yon machin ki leve pwa lou ka leve.

Nouvo sant pou vizitè yo lè w ap gade pa anlè, sant edikasyon an pa dèyè.

Nan dezyèm etaj sant pou vizitè yo, yon volontè nan konstriksyon ap travay sou yon sipò ann asye.

Yo sèvi ak yon machin ki leve pwa lou pou yo mete nouvo ekipman klimatizè ak chofaj yo sou tèt bilding biwo a.

Volontè nan konstriksyon ki kontan.

Volontè nan konstriksyon k ap travay nan aswè nan dezyèm etaj sant pou vizitè yo.