Al gade sa k anndan l

24 SEPTANM 2020
ETAZINI

Siklòn Sali inonde sidès Etazini

Siklòn Sali inonde sidès Etazini

Zòn li frape

Alabama, Florid ak Misisipi.

Katastwòf

  • Yon siklòn kategori 2 k ap deplase dousman te frape Alabama nan dat 16 septanm 2020 an. Nan kèk èdtan sèlman, lapli te gentan tonbe nan nivo pou l lakòz gwo inondasyon.

  • Gwo van yo te andomaje anpil bilding ak kay e pandan yon ti tan pa t gen kouran.

Sitiyasyon frè ak sè nou yo

  • 240 pwoklamatè te oblije deplase.

  • 1 pwoklamatè te blese, men se pa t grav.

Dega

  • Gen 143 kay ak 11 Sal Wayòm ki te sibi kèk ti domaj.

  • Gen 12 kay ak 1 Sal Wayòm ki te sibi gwo domaj.

Dispozisyon pou pote sekou

  • Gen de komite sekou k ap travay ansanm ak siveyan sikonskripsyon ak ansyen nan kongregasyon yo pou pran swen frè ak sè nan zòn ki afekte yo ni nan domèn espirityèl ni nan domèn materyèl, toutpandan yo kontinye pran prekosyon pou kowonaviris la.

Gen yon pwoklamatris ki fè konnen li te santi enkyetid anvayi l tousuit apre siklòn nan fin pase. Men, lè l te fin resevwa èd byen vit nan men yon kongregasyon nan zòn nan, avèk rekonesans li di: “Kounye a, se lanmou frè ak sè yo ak sipò yo ki anvayi m.” — 1 Jan 3:18.