Al gade sa k anndan l

Melody Iwuchukwu, ki gen sizan, k ap kondui yon etid Labib sou Zoom ak twa nan kamarad lekòl li yo.

7 DESANM 2020
ETAZINI

Yon seri jèn ki pase plis tan ap preche malgre pandemi an

Yon seri jèn ki pase plis tan ap preche malgre pandemi an

Mike Iwuchukwu tande Melody, pitit fi l, k ap kouri desann eskalye a. Pitit fi l la t ap suiv kou nan lekòl li sou Entènèt e kounye a li gen yon ti poz pou l al manje. Mike deside al gade sa pitit fi l la, ki gen sizan e ki plen enèji, ap fè kounye a. Li panse l ap jwenn li ap manje yon sandwitch oswa l ap jwe ak jwèt li yo. Men, lè l rive, sa l wè a fè l sezi e anmenmtan li fè l kontan anpil.

Mike di: “Li te chita devan laptòp li ak liv Leson ou kapab aprann nan Bib la nan men l, e te gen twa kamarad lekòl li ki t ap koute l. Melody di m: ‘Papa, m ap kondui etid Labib!’”

Depi mwa septanm 2020, Melody te vle kòmanse yon etid Labib apre lekòl li a ki nan Houston, Tegzas, Ozetazini, te kòmanse fè kou yo sou Entènèt pito akoz pandemi kowonaviris la. Li te priye Jewova sou sa e li t ap chèche okazyon pou l kòmanse yon etid.

Mike ak Octavia, manman Melody, fyè anpil de pitit fi yo a. Mike di: “Melody toujou pale ak kamarad lekòl li yo sou Jewova. Men, se pa ti touche sa touche mwen menm ak manman l lè nou wè l ap kondui yon etid Labib kounye a.”

Melody kontinye etidye Labib ak kamarad li yo regilyèman. Men sa l di: “Bon, mwen te pale avèk yo sou Paradi a ak sou Jezi. Mwen vle yo vin Temwen Jewova!”

Samuel Molnar, ki gen nevan e k ap viv nan Ilinwa, Ozetazini, te kòmanse pale de lafwa l tou ak lòt moun.

Apre Samuel te fin tande eksperyans kote te gen yon frè ki te preche vwazen l ki te pa lòtbò kloti lakay li, li te deside l ap eseye fè menm jan an tou. Lè li te wè pitit pitit vwazen l lan k ap jwe nan lakou a pa lòtbò kloti a, li te mande tigason an si li ta renmen li pale l de Paradi a. Tigason an te dakò, e Samuel te kouri antre lakay li pou l al chèche liv Liv istwa biblik mwen an.

Samuel Molnar, ki gen nevan, ki kenbe liv Liv istwa biblik mwen an.

Men sa Samuel di: “Mwen te di l alavni l ap ka jwe ak bèt yo san anyen mal pa rive l. Apre sa, mwen te li istwa Dànyèl nan twou lyon an pou li.”

Samuel pa t rete la. Li te ekri tigason an yon lèt kote li te esplike l videyo ki sou sit jw.org la ak lòt bagay l ap jwenn sou sit la. Yo toule de te dakò pou yo li yon lòt istwa nan Bib la pwochen fwa yo wè ankò.

Samuel te kontan anpil pou eksperyans li te fè a, e l ap travay di pou l atenn yon lòt objektif li genyen. Men sa l di: “Mwen vle konnen tout feyè ki nan Bwat zouti pou anseye a yon fason pou m ka anseye lòt moun.”

Sa pa gen twò lontan depi twa jèn sè nan Houston te atenn objektif espirityèl yo te genyen pou yo pran sèvis pyonye oksilyè pandan vakans ete a.

Nan mwa out la, Joselyn Horta, ki gen 13 an, Melanie Alvarez, ki gen 12 an ak Chloe Rodriguez, ki gen 10 an, te pran randevou sou videyo konferans pou yo ka ekri lèt. Yo te konn rankontre fason sa a, menm senk fwa nan yon semèn, e yo te kòmanse nan maten depi 7 è.

Sè Chloe Rodriguez (anba agoch), sè Melanie Alvarez (anlè agoch) ak sè Joselyn Horta (adwat).

Men sa Joselyn di: “Nou te pale e nou te manje ansanm. Apre sa, a 7 è edmi, nou te kòmanse ekri lèt.” Sa konn rive dòmi twonpe youn nan yo, men de lòt yo konn voye yon bèl ti mesaj pou li ki di: “Bonjou! Leve leve! Lè pou nou preche a rive!”

Se pa yo menm sèlman ki te jwenn ankourajman nan tout efò sa yo yo te fè a, zanmi yo ak fanmi yo te jwenn ankourajman tou. Men sa Alicia, manman Joselyn, di: “Pafwa, mwen pa t santi m ka preche. Men, lè m wè Joselyn ki chita la a ap preche, m konn di tèt mwen, ‘mwen vle preche tou!’”

Jewova kontan anpil lè l wè tout jèn sa yo ki fidèl k ap fè tout sa yo kapab pou yo preche pandan pandemi sa a. — Pwovèb 27:11.