Al gade sa k anndan l

De nan Sal Wayòm ki afekte nan Maniy yo, nan Filipin.

5 OUT 2024
FILIPIN

Tifon Gaemi lakòz gwo inondasyon nan peyi Filipin

Tifon Gaemi lakòz gwo inondasyon nan peyi Filipin

Nan fen mwa jiyè 2024 la, tifon Gaemi a te pran nesans nan pati lwès oseyan Pasifik la. Byenke tifon sa a pa t frape Filipin dirèkteman, li te fè plis lapli tonbe, sa ki te lakòz anpil domaj, inondasyon ak glisman teren nan Maniy, kapital peyi a, ak nan lòt zòn ki toupre l yo. Gen anviwon 4,8 milyon moun ki te afekte. Plis pase 600 000 moun oblije kite kay yo, e gen omwen 39 moun ki mouri.

Sitiyasyon frè ak sè nou yo

  • Pa gen okenn nan frè ak sè nou yo ki mouri oswa ki blese

  • 155 pwoklamatè te oblije kite kay yo, men pifò nan yo gentan tounen lakay yo

  • 2 kay kraze

  • 11 kay sibi gwo domaj

  • 42 kay sibi ti domaj

  • 11 Sal Wayòm sibi ti domaj

Dispozisyon pou pote èd

  • Yo mete 6 komite sekou sou pye pou kowòdone travay pote sekou a.

  • Siveyan sikonskripsyon yo ak ansyen nan zòn nan ap ede moun ki viktim yo nan domèn espirityèl e y ap ba yo èd ki nesesè.

Agoch: Frè ak sè k ap prepare kit sekou (anwo) ak dlo pou moun ki nan bezwen yo bwè (anba).

Adwat: Yon frè k ap bay yon sè ki viktim nan inondasyon an yon kit sekou.

N ap kontinye priye pou tout moun tifon sa a te afekte. Nou gen Jewova rekonesans paske l ede nou pou “kè nou rete fèm” e l pran swen frè ak sè nou yo. — Sòm 31:24.

a Nan peyi Filipin, yo rele tifon sa a gwo tifon Carina.