Al gade sa k anndan l

5 OUT 2022
FILIPIN

Yon gwo tranblemanntè frape nò peyi Filipin

Yon gwo tranblemanntè frape nò peyi Filipin

Nan dat ki te 27 jiyè 2022 a, gen yon gwo tranblemanntè mayitid 7,0 ki te frape zile Lison nan peyi Filipin. Se zòn Abra ki te gen plis dega. Moun jis nan zòn Manila, ki nan yon distans anviwon 400 kilomèt, te santi sekous yo. Te gen plis pase 2 000 replik apre tranblemanntè a.

Sitiyasyon frè ak sè nou yo.

  • Pa gen youn nan frè ak sè nou yo ki mouri.

  • 4 pwoklamatè blese, men yo pa grav.

  • 42 fanmi te oblije kite kay yo.

  • 63 kay te sibi kèk ti domaj.

  • 1 kay te sibi gwo domaj.

  • 13 Sal Wayòm te sibi domaj.

Dispozisyon pou pote sekou

  • 1 komite sekou ap òganize travay pote èd la.

  • Ansyen yo nan kongregasyon an ap ankouraje sila yo ki afekte yo.

  • Toutpandan frè yo ap bay èd sa yo, yo veye pou yo respekte prekosyon moun dwe pran kont COVID-19 la.

Biwo filyal la te voye kèk èd byen vit bay frè ak sè ki nan zòn ki touche yo, e yo fè aranjman pou yo jwenn kote pou yo rete pou yon ti tan. Pwoklamatè ki nan zòn nan ede youn lòt, malgre yo menm tou yo viktim nan tranblemanntè a.

Nou sèten Jewova ap sove frè ak sè nou yo nan moman difisil sa yo. — Sòm 50:15.