Al gade sa k anndan l

9 FEVRIYE 2021
IKRÈN

CEDH la pran desizyon an favè Temwen Jewova yo nan peyi Ikrèn

CEDH la pran desizyon an favè Temwen Jewova yo nan peyi Ikrèn

Tribinal la kondane peyi Ikrèn paske li pa t pini moun ki te fè yon seri move zak sou frè ak sè nou yo poutèt yo se Temwen Jewova.

Nan dat ki te 12 novanm 2020 an, Cour européenne des droits de l’homme (CEDH) te pwononse twa jijman an favè Temwen Jewova yo nan peyi Ikrèn. Yo rele ka sa yo: Zagubnya ak Tabachkova kont Ikrèn, Migoryanu ak lòt moun kont Ikrèn, ak Kornilova kont Ikrèn. Yo te pote ka sa yo devan tribinal la nan ane 2014 ak 2015. Nan chak ka sa yo, Temwen Jewova yo viktim atak vyolan alòske otorite yo pa fè anyen pou yo. CEDH la fè konnen otorite nan peyi Ikrèn yo pa t vrèman pwoteje dwa frè ak sè nou yo genyen, e yo bay lòd pou yo bay viktim yo 17 400 dola ameriken kòm dedomajman.

Zagubnya ak Tabachkova kont Ikrèn: Nan dat ki te 20 avril 2009 la, sè Zagubnya ak sè Tabachkova t ap patisipe nan predikasyon kay an kay nan vilaj Novi Mlini. Lè Mykola Lysenko, yon prèt nan legliz òtodòks trinite a, te rankontre ak sè yo nan lari a, li te ba yo kout baton nan tèt ak nan do. Yo pa janm pini prèt la malgre li dakò li te fè sa pou l te ka fè sè nou yo “pè” epi “kanpe travay yo a”.

Migoryanu ak lòt moun kont Ikrèn: Nan dat ki te 5 avril 2012 la, te gen 21 Temwen Jewova ak kèk envite ki te reyini pou yo komemore Memoryal lanmò Jezi Kris. Men, te gen yon foul moun ki gen alatèt yo yon prèt òtodòks ki rele O. Greku ki te vin twouble reyinyon an. Foul la t ap di yon seri vye pawòl e yo t ap menase moun ki te nan reyinyon an. Te gen timoun ak granmoun fi nan reyinyon an.

Pi devan, prèt la ak akolit li yo te kontinye atake Temwen Jewova yo. Yo te bat frè nou yo, yo te boule machin yon frè e yo te voye yon bonb atizanal lakay yon Temwen pandan li t ap dòmi. Moun ki viktim yo te pote plent bay lapolis pou atak vyolan sa yo e yo te vin ak prèv. Nan kèk ka, yo te menm filme moun ki t ap atake yo. Men, lapolis te refize rekonèt se poutèt moun yo se Temwen Jewova ki fè yo sibi atak sa yo, e yo te fè konnen lè yo gade videyo yo, yo pa ka idantifye moun ki te atake frè ak sè yo. Yo pa janm pini ni prèt la ni akolit li yo.

Kornilova kont Ikrèn: Nan dat 7 mas 2013, nan vil Nosivka, sè Kornilova ak sè Serdiuk t ap envite vwazen yo nan Memoryal lanmò Kris. Gen yon mesye ki te kòmanse di yo vye pawòl e ki t ap pale relijyon yo a mal. Apre sa, li te atake yo, li te tèlman bay sè Kornilova yon gwo kout pwen nan figi, sè nou an te blese grav. Li te fè 11 jou lopital. Lapolis te refize rekonèt se paske sè a se Temwen Jewova ki fè yo atake l, e yo di se yon bagay pèsonèl mesye a te gen ak sè a ki fè l fè sa. Tribinal la te kondane mesye a pou l peye yon tikras kòb kòm amann.

Soti agoch al adwat: Sè Tetyana Kornilova, sè Tetiana Zagubnya, sè Maria Tabachkova ak frè Vasyl Migoryanu. Se kat pami anpil frè ak sè nan peyi Ikrèn yo fè move zak sou yo, ant ane 2009 ak ane 2013, poutèt yo se Temwen Jewova.

Frè yo nan filyal peyi Ikrèn te gen plizyè reyinyon ak otorite peyi a ak otorite entènasyonal yo pou yo pale konsènan pèsekisyon sa a. Apre yo fin eseye tout opsyon sa yo, yo te pote ka a devan CEDH nan ane 2014. Yon bagay ki enteresan, ane anvan an, otorite yo te kòmanse remake manke tolerans nan zafè relijyon nan peyi Ikrèn. Men sa nou li nan yon rapò moun ki jwe wòl medyatè nan peyi Ikrèn te soti nan ane 2013: “Kòm lapolis pa fè bonjan ankèt sou move zak yo fè sou moun akoz relijyon yo, moun ki fè zak sa yo santi yo ka kontinye fè atak sou moun san pwoblèm.” Menm jan an tou, nan yon rapò Komite dwa moun nan nasyonzini soti nan ane 2013 sou peyi Ikrèn, li fè konnen sa ba yo pwoblèm paske peyi Ikrèn pa bay moun ki fè yon seri move aksyon sou moun paske yo rayi yo, sa gen ladan l move aksyon yo fè kont Temwen Jewova yo, pinisyon yo vrèman merite. Komite a di gouvènman peyi Ikrèn dwe “fè anpil efò pou l asire l yo fè bonjan ankèt kont moun ki fè move aksyon sou moun paske yo rayi yo, pou yo pousuiv moun ki te fè atak yo [...] si yo koupab, pou yo ba yo sanksyon yo vrèman merite, e pou viktim yo jwenn bonjan dedomajman.”

Nan dènye ane yo, gouvènman peyi Ikrèn kòmanse fè kèk bagay pou amelyore sitiyasyon an. Byenke Temwen Jewova yo gen libète relijyon nan peyi a, nou swete twa desizyon CEDH la pran yo pral pouse otorite nan peyi Ikrèn ak otorite nan lòt peyi kontinye pwoteje libète relijyon frè ak sè nou yo genyen. N ap tann moman kote Jewova, Sila a “chemen l yo se jistis” la, pral fini ak tout pèsekisyon moun k ap adore l yo ap sibi. — Detewonòm 32:4.