Al gade sa k anndan l

Frè ak sè yo nan Kakiv, Ikrèn, ki anba abri pandan gen bonm k ap lage.

3 MAS 2022
IKRÈN

Frè ak sè yo kontinye demontre lanmou pandan gwo pwoblèm ki gen ann Ikrèn yo

Frè ak sè yo kontinye demontre lanmou pandan gwo pwoblèm ki gen ann Ikrèn yo

Nan dat ki te 24 fevriye 2022 a, Larisi te anvayi Ikrèn. Gen plis pase 129 000 Temwen Jewova k ap viv Ikrèn ansanm ak pitit yo. Komite filyal la te nome 27 komite sekou pou ede frè ak sè nou yo. Mete sou sa, frè ak sè nou yo montre lanmou yo genyen antanke kretyen lè yo konsole youn lòt e yo konsole vwazen yo, e lè yo ba yo èd pratik pandan moman difisil sa a.

Byenke pifò frè ak sè rete nan peyi a, gen kèk ki pran desizyon kite peyi a. Moun k ap kite peyi a konn nan liy ki byen long, e gen liy ki konn 30 kilomèt longè. Yo konn fè twa oswa kat jou sou fwontyè anvan yo travèse nan peyi yo prale a. Lòt frè ak sè nan peyi Ikrèn chèche frè ak sè sa yo k ap tann nan liy, epi yo ba yo manje, dlo ak lòt bagay yo bezwen. Lè frè ak sè yo resi travèse fwontyè a pou yo rantre nan peyi yo prale a, yo jwenn lòt Temwen ki gen pankat jw.org ki vin akeyi yo e ki pare pou konsole yo epi ba yo lòt bagay yo bezwen.

Sè nou yo nan peyi Polòy (agoch) ak Slovaki (adwat) k ap tann pou yo ede frè ak sè k ap kouri kite Ikrèn.

Sitiyasyon frè ak sè nou yo

  • Frè Petro Mozul, yon sèvitè ministeryèl ki soud, nan Kakiv, mouri akoz bonm yo t ap lage yo.

    Malerezman, nan dat ki te 1ye mas 2022 a, gen 1 frè ki soud nan vil Kakiv ki mouri, e madanm li blese grav pandan yo te lage bonm kote yo te ye a.

  • 3 lòt sè blese.

  • Gen plis pase 5 000 pwoklamatè ki kite lakay yo.

  • 2 kay kraze.

  • 3 kay sibi gwo domaj.

  • 35 kay sibi ti domaj.

  • 2 Sal Wayòm sibi domaj.

  • Anpil pwoklamatè pa gen kouran, chofaj, siyal telefòn e yo manke dlo.

Dispozisyon pou pote sekou

  • Yo nome 27 komite sekou ann Ikrèn.

  • Komite sekou yo ede 867 pwoklamatè jwenn kote ki an sekirite pou yo rete.

  • Komite yo ap travay pou ede frè ak sè yo jwenn bagay yo vrèman bezwen, tankou manje ak rad.

Chif ki pi wo yo baze sou premye rapò nou jwenn.

N ap priye pou frè ak sè nou yo kontinye gen sajès ak bon konprann pou yo rive fè fas ak sitiyasyon sa yo, ki pote detrès e kote nenpòt bagay ka rive sanzatann, toutpandan yo kontinye demontre lanmou yo antanke kretyen. — Pwovèb 9:10; 1 Tesalonisyen 4:9.