Al gade sa k anndan l

Sè Olena devan lakay li. Kay lan sibi gwo domaj akoz yon bonm ki te eksploze. Frè ak sè yo te vin ede sè Olena tousuit.

4 jiyè 2022
IKRÈN

MIZAJOU #10 | Frè ak sè yo kontinye demontre lanmou pandan gwo pwoblèm ki gen ann Ikrèn yo

Ansyen yo bay bèl egzanp kòm “moun ki gen kouraj, ki gen sousi pou moun e moun ka fè konfyans

MIZAJOU #10 | Frè ak sè yo kontinye demontre lanmou pandan gwo pwoblèm ki gen ann Ikrèn yo

Frè ak sè nou yo ann Ikrèn pa sispann soutni youn lòt. Lanmou yo gen pou frè ak sè yo pouse yo kontinye fè yon seri aksyon ki montre se pa tèt yo yo wè.

Gen yon sè ki rele Olena ki gen 81 an. Nan dat ki te 6 jen an , yon bonm te eksploze toupre kay li. Bonm nan te kraze kay yon vwazen l, sa ki te fè te vin gen yon gwo twou ki mezire 23 pye pwofondè. Eksplozyon an te tèlman fò, kay sè Olena te sibi gwo domaj.

Sè Olena di: “Mwen t ap dòmi lè yon mi te tonbe toupre tèt mwen. Anndan an te vin tou nwa tèlman te gen pousyè. Te gen moso vit ak wòch ki te gaye toupatou. Mwen di Jewova mèsi dèske mwen soti vivan.” Frè ak sè ki nan zòn nan, pami yo yon frè kay li sibi gwo domaj tou, t al vizite sè Olena kèk minit apre eksplozyon an. Men sa sè  Olena ajoute: “Frè yo te sezi lè yo rive, yo pa t konn sa pou yo di. M te byen kontan yo te la ansanm avèk mwen, sa te ankouraje m.”

Gen yon ansyen ki rele Serhii ki konn toujou pran kèk jèn nan kongregasyon an pou al vizite sè Olena. Men sa ansyen an di: “Lè m te tande gen yon eksplozyon ki fèt toupre kay sè Olena, mwen te pè e mwen te enkyè anpil. Se jis lè m wè sè Olena pa t blese grav, mwen te santi m soulaje. Sa te touche nou lè nou wè premye bagay sè Olena t ap chèche anba dekonm yo se bib li ak piblikasyon li te resevwa kèk jou anvan sa.”

Nou byen kontan fanmi l ede l jwenn yon lòt kote pou l rete. Kongregasyon an kontinye ba l kèk èd pratik, e ansyen yo kontakte l chak jou pou pran nouvèl li. Frè ak sè yo ede l jwenn yon aparèy pou l ka tande pi byen, konsa li ka byen pwofite reyinyon yo. Men sa l di: Pafwa, mwen konn santi m san fòs, men reyinyon yo reban m fòs. Frè ak sè yo rele m souvan e mwen gen anpil rekonesans pou sa.’’

Gen yon koup k ap rakonte eksperyans yo te fè lè yo te nan sousòl nan yon Sal Wayòm ansanm ak 200 pwoklamatè. Men sa madanm nan di: “Sa ki te fè m plis sezi se fason ansyen yo te pran swen nou ak lanmou. Sa fè m sonje kòman David te riske lavi l lè l te goumen ak yon lyon ak yon lous pou l te ka sove ti mouton l yo. Menm jan an tou, ansyen yo riske yo lavi yo pou y al chèche manje, dlo e menm gaz pou nou ka gen limyè. Grasa aksyon sa yo, reyinyon kongregasyon an ak reyinyon pou predikasyon yo te toujou fèt. Menm lè te gen anpil bonm ki t ap tonbe, ansyen yo te vizite frè ak sè yo lakay yo regilyèman, yo pote manje ak dlo pou yo, e yo konsole yo. Mwen gen gwo respè pou ansyen sa yo. Anvan evènman sa yo, m te konnen ansyen yo konn anseye e yo konn preche, men kounye a mwen wè yo kòm bèje nou ka fè konfyans. Mwen gen anpil rekonesans pou bèl egzanp yo bay kòm moun ki gen kouraj, ki gen sousi pou moun e moun ka fè konfyans!”

Men sa kèk pwoklamatè nan yon kongregasyon ann Ikrènn te ekri Filyal la konsènan travay pote sekou a: “Kè nou chaje ak rekonesans. Sa vrèman estrawòdinè pou nou wè kòman Jewova pran swen nou pa mwayen frè ak sè nou yo. Nou wè reyalizasyon pawòl Jezi te di yo: “Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou.” — Jan 13:35.

Rive 21 jen 2022, men rapò frè yo nan peyi Ikrèn voye pou nou. Chif sa yo baze sou rapò frè lokal yo te rive verifye. Sepandan, chif sa yo ka pi wo, paske li difisil pou nou kenbe bonjan kominikasyon ak tout zòn ki nan peyi a

Sitiyasyon frè ak sè nou yo

  • 42 pwoklamatè mouri.

  • 83 pwoklamatè blese.

  • 31 185 pwoklamatè oblije kite kay.

  • 495 kay kraze.

  • 557 kay sibi gwo domaj.

  • 1 429 kay sibi ti domaj.

  • 5 Sal Wayòm kraze nèt.

  • 8 Sal Wayòm sibi gwo domaj.

  • 34 Sal Wayòm sibi ti domaj.

Dispozisyon pou pote sekou

  • Gen 27 komite sekou k ap travay pou ede frè ak sè yo ann Ikrèn.

  • Komite sekou yo deja ede 52 348 pwoklamatè jwenn kote ki an sekirite pou yo rete.

  • Gen 23 433 pwoklamatè ki deplase al nan lòt peyi, e frè ak sè nou yo nan peyi sa yo ap ede yo.