Al gade sa k anndan l

De pwoklamatè ki nan temwayaj an piblik ann Ikrèn.

IKRÈN

MIZAJOU #11 | Frè ak sè yo kontinye demontre lanmou pandan gwo pwoblèm ki gen ann Ikrèn yo

Yo “fè sa ki byen” nan yon peyi ki gen lagè

MIZAJOU #11 | Frè ak sè yo kontinye demontre lanmou pandan gwo pwoblèm ki gen ann Ikrèn yo

Toupatou nan peyi Ikrèn, frè ak sè yo jwenn bon rezilta pandan yo retounen patisipe nan predikasyon an piblik la. Siveyan sikonskripsyon yo ak ansyen yo nan peyi a fè konnen anpil moun byen kontan wè charyo ki gen piblikasyon nou yo e yo menm fè konnen yo te sonje vizit Temwen Jewova yo konn fè lakay yo pou preche yo.

Tatiana ki nan kongregasyon Serivka nan rejyon Odesa te deside vizite moun li te kontakte anvan pandemi an. Men sa l di: “Depi nan kòmansman, mwen te ka wè Jewova beni efò nou fè pou nou rekòmanse travay predikasyon an.” Yon lè, li te vizite yon dam ki pa t aksepte etidye Bib la anvan pandemi an. Men fwa sa a, dam nan te chofe pou li pale sou bagay espirityèl e li te dispoze aksepte yon etid Labib. Tatiana di: “Mwen bezwen vizite tout ansyen vizit mwen yo epi ofri yo chak yon etid Labib!”

Yevheniy ak Lilia se de pwoklamatè ki moun Mariyoupòl ki te oblije kouri kite lakay yo. Kounye a, yo nan yon zòn ann Ikrèn ki an sekirite. Yo toule de patisipe regilyèman nan travay predikasyon an. Yo fè konnen travay predikasyon an ede yo pa kite lespri yo konsantre sou pwoblèm yo genyen. Men sa yo di: “Nou te konnen lavi nou pa t ap janm menm jan an ankò. Li difisil anpil pou nou kòmanse yon nouvo vi, men nou sonje men Jewova pa twò kout. Nou gen lespri l, e frè ak sè nou yo dispoze ede nou kòmanse yon nouvo vi nan yon nouvo anviwònman.”

Nan lòt zòn nan peyi a, frè ak sè nou yo bay yon temwayaj tou grasa bèl aksyon yo fè. Pa egzanp, gen yon gwoup frè nan vil Mikolayiv ki te ede yon òganizasyon imanitè entènasyonal k ap pote sekou repare yon depo yo itilize pou ede sivil yo. Frè yo te ranje sistèm dlo a, yo te fè yon seri etajè pou mete plizyè tòn pwodui. Lè yon reprezantan òganizasyon imanitè a te enspekte travay la, li te tonbe kriye. Men sa l di: “Mwen pa t atann travay la t ap byen fèt konsa.”

Byenke kwayan parèy nou yo ann Ikrèn ap fè fas ak sitiyasyon ki difisil, yo santi lajwa sa bay paske yo rete aktif nan travay predikasyon an e yo kontinye “fè sa ki byen”. — Galat 6:9.

Rive 13 jiyè 2022, men rapò frè yo nan peyi Ikrèn voye pou nou. Chif sa yo baze sou rapò frè lokal yo te rive verifye. Sepandan, chif sa yo ka pi wo, paske li difisil pou nou kenbe bonjan kominikasyon ak tout zòn ki nan peyi a.

Sitiyasyon frè ak sè nou yo

  • 42 pwoklamatè mouri.

  • 97 pwoklamatè blese.

  • 28 683 pwoklamatè oblije kite kay yo.

  • 524 kay kraze.

  • 588 kay gen gwo domaj.

  • 1 554 kay gen ti domaj.

  • 5 Sal Wayòm kraze.

  • 10 Sal Wayòm gen gwo domaj.

  • 36 Sal Wayòm gen ti domaj.

Dispozisyon pou pote èd

  • Gen 27 komite sekou k ap travay pou ede frè ak sè yo ann Ikrèn.

  • Komite sekou yo deja ede 52 947 pwoklamatè jwenn kote ki an sekirite pou yo rete.

  • Gen 23 863 pwoklamatè ki deplase al nan lòt peyi, e frè ak sè nou yo nan peyi sa yo ap ede yo.