Al gade sa k anndan l

Te gen 2 batèm ann Ikrèn nan dat 23 jiyè 2022 a.

12 OUT 2022
IKRÈN

MIZAJOU #12 | Frè ak sè yo kontinye demontre lanmou pandan gwo pwoblèm ki gen ann Ikrèn yo

“Menm lagè pa ka kanpe travay fè disip la”

MIZAJOU #12 | Frè ak sè yo kontinye demontre lanmou pandan gwo pwoblèm ki gen ann Ikrèn yo

Soti 23 jiyè pou rive 31 jiyè, gen plizyè pwoklamatè ki te batize nan Kongrè rejyonal pou ane 2022 a ki te gen tit: “Chèche viv anpè”! nan tout peyi Ikrèn ak nan lòt peyi kote yo pran refij. Rive 2 out, te gen 1 113 moun ki batize. Gen yon frè ki di: “Menm lagè pa ka kanpe travay fè disip la. Jezi kenbe pwomès li te fè lè l te di: ‘Mwen avèk nou toule jou rive jis nan fen sistèm nan.’” — Matye 28:20.

Nou kontan pataje bèl eksperyans annapre yo avèk nou:

Natalia ki soti Kreminna, nan rejyon Louhansk, gen 63 an. Li menm ak de pitit fi l yo te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo nan ane 90 yo. Pitit fi l yo te pwogrese e yo te batize, men li menm li pa t fè pwogrè. Lè gè a te eklate, gen yon fanmi Temwen Jewova ki te pran Natalia ansanm avèk yo lè yo t ap kouri al nan yon zòn ki an sekirite. Yo te ba l posiblite rete nan yon Sal Wayòm nan Ivano-Frankivsk.

Natalia di: “Apre m te fin tande tout bonm sa yo k ap eksploze, m te santi se kòmsi m pa t ka souri ankò. Frè ak sè yo te demontre yon lanmou ki sensè pou mwen. Mwen pa t atann mwen t ap jwenn tout atansyon sa a. Lè sa a, lanmou mwen gen pou Jewova a te tounen. Mwen te li Bib la anpil, e gen yon sè ki te mande m pou l etidye liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an avè m. Sè sa a se yon kado Jewova voye pou mwen.” Men sa Natalia di ankò: “Se pa ti kontan m kontan dèske m batize antanke Temwen Jewova. Apati kounye a, mwen vle viv ann amoni ak pi gwo kòmannman an, anpalan de renmen Jewova Bondye m nan ak ‘tout kè m, ak tout nanm mwen e ak tout lespri m’.” — Matye 22:37.

Olia, nan peyi Polòy, ki kenbe yon desen ki gen tèm kongrè a: “Chèche viv anpè”!

Olia, ki soti Tchèkasi, te yon pwoklamatris ki poko batize lè gè a te kòmanse. Nan dat 6 mas, li menm ansanm ak pitit fi l ak pitit pitit fi l te kite Ikrèn pou y al Polòy. Men sa l di: “Nou te rive ak sak sekou nou sèlman, men frè ak sè yo te pran swen nou toule twa. Tout sa te ban m konviksyon òganizasyon Jewova a vrèman ini e se lespri sen k ap dirije l. Apre eksperyans sa a, mwen te vin gen plis detèminasyon pou m vwe lavi m bay Jewova. Li te ede m nan moman ki te pi fènwa nan lavi m, e kounye a mwen vle sèvi l pou m demontre l rekonesans mwen.”

Yulia, ki soti nan rejyon Donètsk, gen 18 an. Li te grandi nan yon fanmi Temwen Jewova men, li potko batize. Li rakonte sa k te rive l yon ti tan apre gè a kòmanse. Li di: “Mwen te kouche atè a, e m te rann mwen kont mwen te ka mouri nenpòt ki lè. Tout katye kote mwen menm ak fanmi m te rete a te detwi, men nou menm nou te vivan. Apre eksperyans sa a, e apre m te fin priye epi medite sou kalite Jewova yo, mwen te vin pi pwòch Jewova e m pa t gen dout ankò, m te konnen m te dwe vwe lavi m bay Jewova. Lefètke Jewova te reponn priyè m yo, li te montre m ki jan li pwòch mwen. Anvan sa, mwen te jis gen konesans sou Bondye, men kounye a, mwen renmen l.” Yulia batize 23 jiyè a.

David, 11 an, ann Almay, anvan batèm li.

Lè gè a te eklate, David ki gen 11 an t al ann Almay ak fanmi l. Li te yon pwoklamatè ki poko batize depi l gen 9 an. Kounye a, l ap eseye atenn kèk objektif nan sèvis Jewova a. Men sa l di: “Mwen te deside batize paske mwen renmen Jewova e mwen vle zanmi l. Lè m t ap batize a, mwen te tèlman kontan dèske m vin fè pati bèl fanmi Jewova a, mwen te kriye. M renmen fè lòt moun konn Jewova ak objektif li genyen pou lèzòm. Se sa k fè, pwochen objektif mwen se pou m vin pyonye. Epitou, mwen vle sèvi frè ak sè m yo nan kongregasyon an, donk, mwen espere yon lè m ap vin sèvitè ministeryèl. Pi gwo objektif mwen genyen se pou m al nan Betèl. Se rèv mwen depi lè m te fin vizite filyal la nan vil Lviv an 2018.”

Olena, ki soti Kyèv, te kòmanse preche an 2011. Li te inaktif pandan 10 an. An 2020, ansyen yo nan kongregasyon an te kontakte l e yo te ba li bwochi Retounen vin jwenn Jewova a. Men sa l di: “Mwen te rekòmanse etidye Labib e m te rekòmanse asite reyinyon. Men, apre yon ti tan, mwen te kanpe ankò. Pandan gè a, Jewova te reponn priyè m, mwen te rann mwen kont li te pwoteje m, li te demontre li renmen m e l te fè m santi m anpè. Mwen te kouri al Woumani e m te jwenn Temwen Jewova yo. Lanmou frè ak sè yo te demontre pou mwen ak fason yo te pran swen m te tankou yon dra Jewova te mete sou mwen pou chofe m.” Olena batize 24 jiyè a. Men sa l di pou l fini: “M gen Jewova rekonesans paske l te pran pasyans avè m. Kounye a, m konnen ‘mwen gen fòs pou tout bagay grasa Sila a ki ban m pisans lan’.” — Filipyen 4:13.

Rive 2 out 2022 a, men rapò frè yo nan peyi Ikrèn voye pou nou. Chif sa yo baze sou rapò frè lokal yo te rive verifye. Sepandan, chif sa yo ka pi wo, paske li difisil pou nou kenbe bonjan kominikasyon ak tout zòn ki nan peyi a.

Sitiyasyon frè ak sè nou yo

  • 43 pwoklamatè mouri.

  • 97 pwoklamatè blese.

  • 22 568 pwoklamatè kite kay yo pou y al nan lòt zòn nan peyi a kote y ap plis an sekirite.

  • 586 kay kraze.

  • 613 kay sibi gwo domaj.

  • 1 632 kay sibi ti domaj.

  • 5 Sal Wayòm kraze.

  • 10 Sal Wayòm sibi gwo domaj.

  • 37 Sal Wayòm sibi ti domaj.

Dispozisyon pou pote èd

  • Gen 27 komite sekou k ap travay pou ede frè ak sè yo ann Ikrèn.

  • Komite sekou yo deja ede 53 836 pwoklamatè jwenn kote ki an sekirite pou yo rete.

  • Gen 24 867 pwoklamatè ki deplase al nan lòt peyi, e frè ak sè nou yo nan peyi sa yo ap ede yo.