Al gade sa k anndan l

Agoch: Frè ak sè ann Ikrèn k ap prepare bwat èd imanitè ki soti Polòy mete nan yon machin pou al bay frè ak sè yo. Adwat: Kay yon frè nan Ostomèl yon bonm kraze.

13 AVRIL 2022
IKRÈN

MIZAJOU #6 | Frè ak sè yo kontinye demontre lanmou pandan gwo pwoblèm ki gen ann Ikrèn yo

MIZAJOU #6 | Frè ak sè yo kontinye demontre lanmou pandan gwo pwoblèm ki gen ann Ikrèn yo

Malerezman, gen plis frè ak sè ki mouri akoz lagè k ap fèt ann Ikrèn nan. Antou gen 28 Temwen Jewova ki mouri.

Jan nou aprann sa nan nouvèl entènasyonal yo, te gen anpil konba nan vil ki toupre Kyèv yo pandan premye semèn gè a. Gen anviwon 4 900 pwoklamatè k ap viv nan zòn sa a, e plis pase 3 500 ladan yo gentan kite pou y al nan zòn ki an sekirite.

Eksperyans nou pral rapòte la yo montre ki jan lafwa frè ak sè nan zòn sa yo rete djanm malgre sitiyasyon vrèman difisil y ap viv la.

Oleksandr, yon ansyen nan vil Makariv, te sove kite kote l te ye a pou l al nan yon zòn ki gen sekirite nan mitan peyi Ikrèn. Men, lè l pa t kapab kontakte kat nan pwoklamatè ki nan gwoup predikasyon l lan, li te vin enkyè e l te tounen nan zòn kote gen gè a pou l t al chèche konn kòman yo ye. Men sa l di: “M konnen jan Jewova renmen sèvitè l yo. […] Lè m te rive devan kay youn nan pwoklamatè yo, mwen wè bonm te tonbe sou kay la. Pòt ki mennen nan sousòl la te fèmen e pèsonn pa t reponn lè m te rele. Mwen te vin pè.” Frè Oleksandr fòse pòt la pou l antre. Lè l rive, li jwenn yon gwoup moun k ap gade l. Se te pwoklamatè yo ansanm ak vwazen yo ki pa Temwen ki te pran refij avèk yo.

Yaroslav ak madanm li (mitan) ansanm ak Oleksandr ak madanm li k ap manje ansanm apre yo fin rive yon kote ki an sekirite.

Yaroslav, youn nan pwoklamatè ki te nan sousòl la, fè konnen sa te gentan fè uit jou depi yo te pran refij nan sousòl la. Men sa l di: “Chak jou, chak moun te manje kèk ti bonbon e yo te bwè yon vè dlo. Men, nou te konn li Bib la ak piblikasyon yo, nou te priye e youn te ankouraje lòt. Lè m te tande frè Oleksandr site non m nan, m te panse se sòlda yo ki te vini pou ale avè m. M te panse m pral mouri. [Men], li te vin sove nou. Nou gen Jewova rekonesans pou fanmi sa a ki gen lanmou li ban nou an, yon fanmi k ap priye pou nou e ki menm riske lavi yo pou yo ede nou.”

Pylyp

Pylyp ak yon lòt frè te deside pote manje bay frè ak sè ki te rete nan vil Bowodyanka. Nan dat 17 mas, pandan y ap kondui pou y al nan vil la, gen sòlda ki pran machin frè Pylyp la ak tout manje yo. Apre sa, yo arete toude frè yo, yo mete minòt nan men yo, yo mare je yo epi yo mete yo nan yon ti pyès nan yon sousòl ki te deja gen sèt gason. De jou apre, yo te deplase yo mete yo nan yon selil kote gadyen yo te bat yo pandan nuit lan. Men sa frè Pylyp di: “M pa t sèten mwen t ap chape vivan. Mwen te priye Jewova pou m ret fidèl.”

Yon fwa pandan yo t ap bat yo, frè Pylyp te kòmanse priye awotvwa pou sè ki granmoun ki pa gen manje yo, pou sekirite fanmi l e l te remèsye Jewova pou tout bèl ane li te pase nan sèvis Li. Gadyen an te mennen l tounen nan selil la, men l te kontinye priye. Li te priye pou sòlda yo rive konprann Temwen Jewova yo pa danjere. Toule de frè yo te gen posiblite preche gadyen yo. Pandan de jou, yo te bay tout gadyen ki te fè pòs yo temwayaj. Anplis de sa, youn nan mesye ki te nan prizon ansanm avèk yo te demontre enterè pou mesaj la. Li te remèsye frè yo. Nan dat 27 mas, yo te lage ni frè yo ni mesye ki te enterese nan laverite a.

Pandan de semèn, Svitlana, yon sè selibatè k ap viv nan vil Boucha, pa t gen posiblite chape pou gè a. Men sa l di: “Plis pase tout lòt lè, mwen te konprann enpòtans lapè Jewova bay la. Lè w gen lapè sa a, sa pa vle di ou tou konn sa pou w fè. Men, lè w pa wè devan, ou pa wè dèyè, ou konte sou Jewova nèt.”

Pandan sè Svitlana t ap vwayaje al nan yon zòn ki gen sekirite, li te bay yon dam ak neve dam nan temwayaj. Yo tout te byen rive nan zòn kote yo t aprale a e yon fanmi Temwen Jewova te akeyi yo. Fanmi an te fè aranjman pou ni sè Svitlana ni dam nan ak neve l la pase nuit lan lakay yo. Nan demen, dam nan te mande pou l asiste yon reyinyon kongregasyon an e l te mande yon Bib ak piblikasyon. Sè Svitlana toujou gen kontak avè l.

Rive 12 avril 2022, men rapò frè yo nan peyi Ikrèn voye pou nou. Chif sa yo baze sou rapò frè lokal yo te rive verifye. Sepandan, chif sa yo ka pi wo, paske li difisil pou nou kenbe bonjan kominikasyon ak tout zòn ki nan peyi a.

Sitiyasyon frè ak sè nou yo

  • 28 pwoklamatè mouri.

  • 48 pwoklamatè blese.

  • 40 778 pwoklamatè kite kay yo pou y al nan lòt zòn nan peyi a kote y ap plis an sekirite.

  • 278 kay kraze.

  • 268 kay sibi gwo domaj.

  • 746 kay sibi ti domaj.

  • 1 Sal Wayòm kraze.

  • 9 Sal Wayòm sibi gwo domaj.

  • 26 Sal Wayòm sibi ti domaj.

Dispozisyon pou pote èd

  • Gen 27 komite sekou k ap travay pou ede frè ak sè yo ann Ikrèn.

  • Komite sekou yo deja ede 41 974 pwoklamatè jwenn kote ki an sekirite pou yo rete.

  • Gen 18 097 pwoklamatè ki deplase al nan lòt peyi, e frè ak sè nou yo nan peyi sa yo ap ede yo.