Al gade sa k anndan l

Liudmyla Mozul ak Kateryna Rozdorska, yo toule de pèdi mari yo akoz gè ki gen ann Ikrèn nan. Èd Jewova ak èd frè ak sè yo ede yo andire.

22 AVRIL 2022
IKRÈN

“Nuit sa a, Jewova pa t sèlman kenbe men m, men li te pote m nan bra l”

De sè nan peyi Ikrèn jwenn fòs nan pwomès Jewova yo apre lanmò mari yo

“Nuit sa a, Jewova pa t sèlman kenbe men m, men li te pote m nan bra l”

Grasa èd Jewova, sè Liudmyla Mozul ak sè Kateryna Rozdorska rive fè fas ak doulè ak lapenn lagè a pote. Mari yo, anpalan de Petro Mozul ak Dmytro Rozdorskyi, te pami premye Temwen Jewova ki mouri akoz gè ki gen ann Ikrèn nan. Malerezman, pou kounye a, nou gen 34 frè ak sè nou ki mouri akoz gè a.

Petro ak Liudmyla Mozul.

Petro ak Liudmyla te batize an 1994. Yo te gen 43 an depi yo marye.

Liudmyla di: “Chak jou, frè m ak sè m yo di m pawòl ki konsole m. Yo pa sispann rele m. Epitou, dlo te koule nan je m lè m t ap li yon lèt Filyal peyi Ikrèn nan te voye pou mwen kote yo te di m pawòl ki montre senpati yo gen pou mwen.”

Gè a te kòmanse nan dat ki te 24 fevriye 2022. Nan dat ki te 1ye mas 2022, Petro, ki te sèvitè ministeryèl nan yon kongregasyon lang siy, mouri pandan li menm ak fanmi l t ap eseye kouri kite zòn yo te ye a akoz pil bonm ki t ap tonbe nan Kakiv.

Nan jou sa a, apre te gentan gen plizyè jou ki pase depi bonm t ap tonbe, avyon de gè yo t ap vole anlè vil la, e yo te kòmanse atake l. Fanmi an te pran kèk bagay ki nesesè, e nan anviwon 30 minit yo te kite kay yo. Petro ak Liudmyla te nan yon machin. Oleksii, pitit gason yo a, ak Maryna, madanm li, te nan yon lòt machin. Men sa Liudmyla di: “Nou t ap kondui nan yon ri, nan yon zòn kote moun rete, lè avyon de gè yo te kòmanse bonbade toutotou nou. Eksplozyon yo te souke machin nan.”

Petro, ki te gen 67 an, te fè yon kout volan pou l evite al frape ak machin Oleksii a, men li te blese grav. Yo te mennen Petro ak Liudmyla lopital, men annapre Petro mouri nan lopital la. Moso metal ki te soti nan bonm yo te blese Liudmyla nan janm ak nan vant. Oleksii ak Maryna pa t blese. Apre Liudmyla te fin kite lopital la twa jou apre, li te aprann Petro mouri.

Liudmyla di: “Plis mwen reflechi sou bonte Jewova ak bèl objektif li genyen, se plis mwen santi m anpè. Mwen gen bonjan konviksyon m ap rewè mari m nan ankò nan monn nouvo a. Mwen pa ka tann pou bèl moman sa a rive.”

Kateryna ak Dmytro Rozdorksyi.

Dmytro ak Kateryna te marye depi uitan. Dmytro t ap pale ak madanm li detan li nan travay li. Men dènye pawòl li te di l: “M ap lakay talè.”

Plizyè èdtan annapre, nan dat ki te 8 mas 2022 a, yon kòlèg travay Dmytro te rele Kateryna e li te di l Dmytro te mache sou yon min, yo mennen l lopital. Li mouri senkèdtan apre yo te fin fè l operasyon.

Men sa Kateryna di apre li te fin aprann lanmò Dmytro: “Nuit sa a, Jewova pa t sèlman kenbe men m, men li te pote m nan bra l. Mwen te santi Jewova te vrèman la bò kote m.”

Dmytro, ki te gen 28 an, te batize an 2006 e li t ap sèvi kòm ansyen nan zòn Donètsk ann Ikrèn.

Yon ti tan apre antèman Dmytro, Kateryna te fè yon vwayaj ki te dire 12 èdtan pou l ka al nan yon zòn ki an sekirite nan peyi Ikrèn. Men sa l di: “Mwen te jwenn ankourajman nan men frè ak sè nan tout peyi Ikrèn ak lòt peyi. Yo tèlman demontre lanmou pou mwen, sa soulaje soufrans mwen.”

Men sa li ajoute: “Travay predikasyon an ban m fòs tou [...]. Lè m santi m pa kapab ankò, mwen di pawòl ki nan vèsè ki nan Bib la, tankou sa ki nan Filipyen 4:6, 7.”

Nou gen konviksyon Jewova ap kontinye bay frè ak sè nou yo ki gen moun pa yo ki mouri akoz gè ann Ikrèn nan fòs e l ap kontinye konsole yo. — Sòm 61:1-3.