Al gade sa k anndan l

Frè Oleksandr Tretiak.

28 DESANM 2020
IKRÈN

Tribinal ewopeyen pou dwa moun pran yon desizyon an favè frè Oleksandr Tretiak, li menm yo te bat akoz lafwa l

Tribinal ewopeyen pou dwa moun pran yon desizyon an favè frè Oleksandr Tretiak, li menm yo te bat akoz lafwa l

Nan dat ki te jedi 17 desanm 2020 an, Cour européenne des droits de l’homme (CEDH) te pran yon desizyon an favè frè Oleksandr Tretiak nan ka Tretiak kont Ikrèn. Nan dat ki te 26 novanm 2013 la, twa mesye te bat frè Tretiak yon fason ki sovaj pandan li t apral lakay Ii apre l fin preche. CEDH fè konnen otorite peyi Ikrèn yo pa t mennen bonjan ankèt sou sa ki te pase a. Tribinal la mande pou yo bay frè Tretiak 9 100 dola ameriken kòm dedomajman.

Yo te tèlman bat frè Tretiak, li te pase prèske yon mwa lopital. Se jis twa mwa apre aksyon an te fèt, lapolis t ale kote yo te bat frè a. Epitou, yo te refize admèt se paske frè Tretiak se Temwen Jewova ki fè yo te atake l, e yo pa t vle rekonèt li te blese grav. Annapre, lapolis te jis fè konnen sa twa mesye yo te fè frè a pa t twò grav pase sa. Mete sou sa, se jis lè youn nan twa mesye yo fin kite peyi a lapolis te akize l. Pou de lòt mesye yo menm, ki gen ladan l yon polisye, yo konsidere yo kòm moun ki te jis wè atak la. Yo pa janm pini menm youn ladan yo. Sa k te rive a ak lòt enjistis ankò te pouse frè Tretiak pote ka a devan CEDH la nan ane 2015.

Nan desizyon CEDH la pran, yo fè konnen “otorite [peyi Ikrèn] yo pa t mennen bonjan ankèt sou move tretman Oleksandr Tretiak te sibi yo”, sa ki kont Konvansyon ewopeyen pou dwa moun nan.

Nou swete jijman sa a pral ede nan pwoteje dwa frè ak sè nou yo genyen, nan peyi Ikrèn ak lòt peyi, pou yo pratike relijyon yo. Nou di Jewova yon gwo mèsi, li menm ki fè nou jwenn jistis. — Lamantasyon 3:59.