Al gade sa k anndan l

Youn nan bilding ki gen chanm nan nouvo filyal peyi Itali a nan vil Bolòy. Li gen 41 chanm antou. Yo te kòmanse demenaje al ladan l 5 septanm 2020.

16 NOVANM 2020
ITALI

Pwojè pou deplase filyal peyi Itali a kontinye vanse malgre difikilte ki genyen yo

Pwojè pou deplase filyal peyi Itali a kontinye vanse malgre difikilte ki genyen yo

Malgre pwoblèm ki genyen nan domèn ekonomik ak nan domèn sante, pwojè pou deplase filyal Temwen Jewova yo nan peyi Itali pou mete l nan vil Bolòy ap vanse. Dat 5 septanm 2020 an te yon jou ki enpòtan anpil nan pwojè sa a paske se nan jou sa a premye bilding ki gen chanm yo te fini. Yo panse fini nouvo filyal la nan ane 2023.

Gen yon komite konstriksyon pou pwojè a ki gen senk frè, e se yo k ap sipèvize travay ki gen rapò ak nouvo filyal la. Yo te mande yon konpayi pou travay sou plan konstriksyon bilding ki gen chanm yo e pou yo bati l. Yo te kòmanse travay la an septanm 2018.

An 2019, te gen yon gwo kriz ekonomik ki te frape anpil konpayi nan zòn nan, sa ki te fè konpayi nou te chwazi a te sispann travay pou l ka reyòganize l. Erezman, yo te gentan fin fè chapant bilding k ap gen chanm yo. Sa ki te fè travay la pa t kanpe pou anpil tan.

Anndan yon chanm.

Nan kòmansman ane 2020 an, pandemi COVID-19 la te frape nò peyi Itali, san wete vil Bòlòy. Otorite lokal yo ak otorite peyi a te kanpe anpil aktivite ki gen nan vil la, sa gen ladan l pwojè konstriksyon yo. Men, apre yon mwa, otorite yo te leve kèk restriksyon, e travay la te ka kontinye toutpandan nou respekte règ pwofesyonèl lasante yo bay ak enstriksyon òganizasyon nou an ban nou anrapò ak konsiy sekirite kont COVID-19.

Men sa frè Paolo Comparato, yon manm komite konstriksyon an, di: “Nou di Jewova mèsi paske bilding sa a fini. San èd lespri sen Jewova, nou pa t ap ka rive fè fas ak tout difikilte nou te vin jwenn yo.”

Madam Cristina Dallacasa, direktris konpayi konstriksyon an, di: “Nou kontan paske Temwen Jewova yo te chwazi nou pou konstwi youn nan bilding ki pi enpòtan yo genyen nan peyi Itali. Nou te travay byen ansanm. Se sa ki te pèmèt nou fè fas ak tout pwoblèm nou te jwenn pandan konstriksyon an. Temwen Jewova yo te byen veye sou travay la, sitou sou sekirite moun k ap travay sou chantye a.” Li di: “Sa k pi enpòtan an, mwen te kontan travay ak yon gwoup moun ki onèt e moun ka fè konfyans. Sa se yon bèl bagay nan peryòd kriz sa a ki genyen ni nan domèn sosyal ni nan domèn ekonomik.”

Nou gen konfyans Jewova pral kontinye soutni pwojè sa a pou l ka bay non l glwa. — Sòm 127:1.