Al gade sa k anndan l

Kay ki sibi domaj nan peyi Japon nan zòn Miyazaki akoz siklòn Shanshan

5 SEPTANM 2024
JAPON

Gwo siklòn Shanshan ravaje peyi Japon

Gwo siklòn Shanshan ravaje peyi Japon

Nan dat 29 out 2024 la, siklòn Shanshan te frape yon zòn ki rele Kagoshima Prefecture nan peyi Japon. Vitès van ki te frape zòn nan te prèske rive 160 kilomèt alè. Se premye fwa yon seri kote nan rejyon Kanto, Kyushu ak Tokai te jwenn tout lapli sa a. Te gen plis pase 40 santimèt lapli ki te tonbe nan sèlman 48 èdtan. Gwo lapli lakòz glisman teren ak inondasyon ki kraze wout ak bilding. Plis pase 120 moun blese e 8 moun mouri.

Sitiyasyon frè ak sè nou yo

  • Pa gen okenn nan frè ak sè nou yo ki mouri

  • 3 pwoklamatè te blese

  • 245 kay te sibi ti domaj

  • 8 Sal Wayòm te sibi ti domaj

  • Akoz siklòn nan, yo te oblije ranvwaye plizyè kongrè rejyonal ki te gentan planifye nan zòn ki afekte yo

Dispozisyon pou pote èd

  • Siveyan sikonskripsyon ak ansyen lokal yo ap ede tout moun ki viktim yo nan domèn espirityèl e yo ba yo èd ki nesesè

Se vre, nou santi nou tris anpil lè gen katastwòf natirèl men, nou jwenn fòs nan men Jewova, Bondye nou an “k ap ede [n] e k ap konsole [n]”. — Sòm 86:17.