Al gade sa k anndan l

Temwen Jewova k ap patisipe nan kanpay espesyal la nan vil Osaka (agoch) ak nan vil Tokyo (anwo adwat ak anba).

30 JIYÈ 2024
JAPON

Temwen Jewova nan sèt peyi al patisipe nan yon kanpay predikasyon espesyal nan vil Osaka ak Tokyo, nan peyi Japon

Temwen Jewova nan sèt peyi al patisipe nan yon kanpay predikasyon espesyal nan vil Osaka ak Tokyo, nan peyi Japon

Soti 13 me rive 2 jen 2024, plizyè milye Temwen Jewova nan peyi Japon te patisipe nan yon kanpay predikasyon espesyal ki te fèt nan vil Osaka ak Tokyo, nan peyi Japon. Mete sou sa, anviwon 350 lòt Temwen nan peyi Almay, Etazini, Kanada, Kore disid, Lafrans, Nouvèl Zelann ak Ostrali te jwenn envitasyon pou y al soutni kanpay la.

Gen plis pase 15 milyon moun k ap viv Tokyo ak Osaka. Pwoklamatè lokal yo ansanm ak frè ak sè ki te vin ede yo te patisipe nan plizyè fòm predikasyon an piblik. Yo te gen posiblite fè anpil bèl konvèsasyon e yo te kòmanse plizyè etid Labib.

Yon sè ki soti Ostrali ansanm ak yon sè nan peyi Japon pandan kanpay la.

Pandan youn nan sè yo t ap preche ak charyo, li te priye pou l rive pale ak yon moun ki ta renmen etidye Labib. Yon ti tan apre, gen yon mesye ki pwoche e ki fè l konnen li ta renmen aprann plis sou Bib la. Kòm lang natif natal mesye a se chinwa, sè a te fè aranjman pou yon frè nan zòn nan ki pale chinwa vizite l. Mesye a te asiste reyinyon de jou apre l te fin pale ak sè a.

Pandan yon sè t ap preche kay an kay, li te pale ak yon dam ki te dakò gade videyo Poukisa nou dwe etidye Labib? la. Apre dam nan fin gade videyo a, li te di: “Se menm kesyon sa yo mwen konn poze tou!” San pèdi tan li te aksepte yon etid Labib e l te asiste pwochen reyinyon kongregasyon an ak sè nou an.

Frè ak sè nan kongregasyon Honmachi, nan vil Osaka ansanm ak frè ak sè ki vini pou kanpay la nan yon ti fèt yo t ap fè anvan kanpay espesyal la kòmanse.

Mete sou sa, kanpay la te pèmèt moun ki te patisipe yo byen pwofite konpayi frè ak sè ki soti toupatou nan monn nan. Men sa Aika, yon sè ki gen 20 an ki soti Tatsouno, nan Japon, di: “Se yon eksperyans mwen pap janm bliye. Mwen gen Jewova anpil rekonesans dèske l te pèmèt mwen patisipe nan kanpay sa a.” E men sa Akihiro, yon ansyen k ap viv nan peyi a, di: “Nou te jwenn ankourajman pandan nou t ap travay kòtakòt ak frè ak sè nou yo ki soti nan lòt peyi. Sa fè n gen plis kè kontan nan sèvis nou.”

Nou rekonesan lè n wè tout frè ak sè sa yo, nan peyi a e toupatou sou tè a, ki “ofri tèt yo san fòse” pou kanpay espesyal sa a pou yo fè “louwanj pou Jewova byen fò”. — Sòm 110:3; Esdras 3:11.