Al gade sa k anndan l

Glisman teren nan zòn Foukouchima apre yon tranblemanntè fin frape nòdès peyi Japon.

23 FEVRIYE 2021
JAPON

Yon tranblemanntè mayitid 7,3 lakòz anpil dega nan nòdès peyi Japon

Yon tranblemanntè mayitid 7,3 lakòz anpil dega nan nòdès peyi Japon

Zòn li frape

Nòdès peyi Japon, prensipalman zòn Foukouchima ak zòn Miyagi.

Katastwòf

  • Nan dat ki te 13 fevriye 2021 an, gen yon tranblemanntè mayitid 7,3 ki te lakòz kèk zòn pa gen kouran ak dlo. Gen anpil dega ki fèt nan kèk zòn ki te deja frape nan tranblemanntè mayitid 9,0 ki te frape Japon nan ane 2011 lan.

Sitiyasyon frè ak sè nou yo

  • 11 pwoklamatè blese.

  • Anpil frè pa t gen kouran ak dlo pandan yon tan.

Dega

  • 10 Sal Wayòm sibi ti domaj.

  • 205 kay sibi ti domaj.

  • 13 kay sibi gwo domaj.

Dispozisyon pou pote èd

  • Siveyan sikonskripsyon yo ak ansyen nan kongregasyon ki nan zòn ki afekte yo sèvi ak Bib la pou ankouraje pwoklamatè yo, toutpandan yo veye pou yo respekte prekosyon yo dwe pran kont COVID-19 la.

  • Reprezantan LDC yo ak volontè LDC yo ap chèche konnen dega ki fèt nan chak Sal Wayòm ak nan chak kay.

N ap priye pou Jewova kontinye bay moun ki viktim akoz tranblemanntè a fòs yo bezwen. — Filipyen 4:13.