Al gade sa k anndan l

Lakou siprèm pran desizyon an favè frè Nam Eon-woo (agoch), frè Lee Jeong-Hyeon (nan mitan) ak frè Nam Tae-hee (adwat), ki te nan lame anvan yo vin Temwen Jewova e ki te vin oblije sibi pinisyon.

3 MAS 2021
KORE DISID

Kore disid: Lakou siprèm nan deside se pa yon krim si yon moun refize pran fòmasyon kòm rezèvis akoz konsyans li

Kore disid: Lakou siprèm nan deside se pa yon krim si yon moun refize pran fòmasyon kòm rezèvis akoz konsyans li

Nan dat 28 janvye 2021 an, Lakou siprèm nan Kore disid deside se pa yon krim si yon moun refize pran fòmasyon nan lame kòm rezèvis akoz konsyans li. Kounye a, lalwa pap pini frè ki te nan lame anvan yo te Temwen Jewova yo ankò poutèt yo pa vle kontinye jwenn fòmasyon.

Tout gason nan Kore disid ki te nan lame dwe al pran fòmasyon regilyèman kòm rezèvis pandan uitan. Sa vle di, pandan tout tan sa a, frè ki te sòlda anvan yo Temwen Jewova yo te jwenn plizyè pinisyon paske yo refize fòmasyon an. Gen yon frè ki te parèt devan lapolis, devan komisè gouvènman an ak devan tribinal 60 fwa nan menm ane a.

An 2018, de pi gwo tribinal nan Kore disid yo, anpalan de Tribinal konstitisyonèl la ak Lakou siprèm nan, te deside se pa yon krim si yon moun refize fè sèvis militè akoz konsyans li e yo te bay posiblite pou yon moun fè yon sèvis sivil nan plas li. Men, yo pa t pran desizyon anrapò ak lwa konsènan rezèvis yo, ki te bay baz pou yo pini moun ki refize pran fòmasyon akoz kwayans yo.

Dènye desizyon Lakou siprèm te pran an bay mesye yo dwa pou yo refize pran fòmasyon kòm rezèvis si konsyans yo pa pèmèt yo. Kounye a, frè ki t ap goumen depi lontan pou yo rekonèt dwa sa a kapab aplike pou yo fè sèvis sivil nan plas sèvis militè a, e konsa, yo pap gen pou peye ni amann ni al nan prizon. Men sa frè Nam Tae-hee, youn nan moun yo t ap jije nan ka sa a, esplike: “Apre m te fin pase uitan ap monte desann nan tribinal, yo resi rekonèt dwa m. Mwen santi se yon gwo pwa lou ki sot sou mwen.”

Nou di Jewova mèsi e nou kontan pou frè nou yo ak fanmi yo nan peyi Kore ki te ‘andire tribilasyon e ki te soufri san yo pa merite sa, poutèt konsyans yo devan Bondye’. — 1 Pyè 2:19.