Al gade sa k anndan l

De sè ki kanpe bò yon charyo yo mete toupre yon stad yo te itilize pandan je olenmpik ivè ki fèt pou jèn yo.

29 FÈVRIYE 2024
KORE DISID

Kore disid: Temwen Jewova yo preche moun ki soti nan plizyè peyi ki te vin nan je olenmpik ivè 2024 ki fèt pou jèn yo

Kore disid: Temwen Jewova yo preche moun ki soti nan plizyè peyi ki te vin nan je olenmpik ivè 2024 ki fèt pou jèn yo

Je olenmpik ivè ki fèt pou jèn yo te fèt nan kat vil nan peyi Kore disid soti 19 janvye pou rive 1ye fevriye 2024. Te gen plizyè milye atlèt, jounalis ansanm ak lòt moun ki soti nan plis pase 70 peyi ki te vin asiste evènman an. Te gen plis pase 2 600 Temwen Jewova ki te patisipe nan yon kanpay predikasyon espesyal pandan je olenmpik la. Yo te mete charyo piblikasyon 34 kote, e te gen piblikasyon ki baze sou Bib la ki te disponib nan kat lang.

De nan charyo yo mete plizyè kote nan vil Gangyang, nan peyi Kore disid.

Yon jèn gason ki pale mandaren te pwoche bò kote de frè epi li di yo li remake gen charyo piblikasyon plizyè kote nan vil la. Men, sa k fè l deside vin mande plis enfòmasyon se paske li wè yon afich ki pale sou jan pou fanmi gen kè kontan. Frè yo esplike l jan pou l telechaje bwochi Fanmi w ka gen kè kontan nan lang mandaren sou sit jw.org la. Menm kote a, jèn gason an pran telefòn li l al sou sit la, e li remèsye frè yo pou sa.

Yon mari ak yon madanm ki Temwen te kòmanse yon konvèsasyon ak yon mesye ki sot ann Ikrèn. Piske yo pa pale lang li a, yo sèvi ak yon aplikasyon sou telefòn yo ki tradui sa yo di pou yo ka kominike avè l. Pandan konvèsasyon an, mesye a montre yo yon foto ki montre dega yon misil fè nan vil kote l soti a. Frè a ak sè a di l jan sa fè yo mal e yo montre l yon vèsè nan Bib la ki montre talè konsa, pap gen lagè ankò. Li te li pwomès Bib la fè a nan pwòp lang li e sa te touche l anpil. Frè a ak sè a pran randevou avè l pou yon kontinye konvèsasyon an.

Yon sè k ap pale ak yon mari ansanm ak madanm li nan stad olenmpik Gangyang lan.

Yon sè ki rele In-Sook te kòmanse yon konvèsasyon ann anglè avèk yon jèn fi ki konn fè patinaj sou glas ki te ansanm ak manman l. Yo soti Fenlann. Sè a montre yo plizyè sijè sou sit Entènèt nou an nan seksyon ki rele “Fason pou n leve timoun yo”. Manman an te byen kontan e li di li pral sou sit la ankò.

Nou byen kontan frè ak sè ki nan peyi Kore disid yo te jwenn opòtinite pou yo prezante mesaj la bay tout vizitè sa yo pandan rankont entènasyonal sa a. Konsa, “yo louwe non Jewova”. — Sòm 148:13.