Al gade sa k anndan l

Soti agoch al adwat: Frè Choi Young-won, Baek Jong-hyun ak Kang Ra-yoon k ap voye men pou di fanmi yo orevwa anvan yo ale pou y al kòmanse sèvis sivil yo.

23 NOVANM 2020
KORE DISID

Yon gwo chanjman nan peyi Kore disid: Moun kapab fè sèvis sivil nan plas sèvis militè

Yon gwo chanjman nan peyi Kore disid: Moun kapab fè sèvis sivil nan plas sèvis militè

Pou premye fwa nan listwa Kore disid, gouvènman an ofri posiblite pou moun ki pa vle fè sèvis militè akoz konsyans yo fè yon sèvis sivil nan plas li. Nan dat ki te 26 oktòb 2020 an, 63 nan frè nou yo te dakò fè sèvis sa a, e yo te kòmanse travay nan asiyasyon yo ba yo nan yon prizon pou twazan. Men nan ki sèvis y ap gen pou yo travay: manje, acha, edikasyon, ijyèn ak swen sante, epi antretyen. Lalwa di frè nou yo pa ka kite prizon an pandan de mwa. Men, apre de mwa a, lè frè yo fin fè travay yo, y ap kite yo soti pou y al nan reyinyon e pou y al preche. Men, y ap bezwen tounen nan prizon an anvan 9 è diswa.

Men sa frè Kim Hyun-soo, youn nan 63 frè yo, di: “Se vre sèvis sa a pa suiv tout prensip entènasyonal yo, men mwen chwazi aksepte l paske travay la pa gen rapò ak sèvis militè.”

Nou gen konfyans “bèl aksyon” jèn frè nou yo ki fidèl nan peyi Kore disid ap fè ap kontinye bay Jewova glwa ak louwanj. — Matye 5:16.

 

Frè Park Jae-hyuk k ap di fanmi l orevwa pandan li prale pou l al fè lòt sèvis nan plas sèvis militè.

Frè Lee Sang-joon k ap prepare l pou l kite fanmi l (agoch). Paran frè Kim Yeong-hoon k ap ba l akolad (adwat).

Frè Jeong Yeo-gyeom pandan l ap kite pou l al kòmanse sèvis li.