Al gade sa k anndan l

Soti agoch al adwat: Valeriy Borshchev, Aleksandr Guryanov ak Sergey Davidis, ki se espesyalis nan dwa moun, pandan konferans akademik pou komemore 70yèm anivèsè depòtasyon Temwen Jewova yo nan Siberi, konferans Òganizason Memoryal entènasyonal te fè nan dat 6 avril 2021.

12 AVRIL 2021
LARISI

Òganizasyon Memoryal entènasyonal te fè yon konferans pou komemore 70yèm anivèsè depòtasyon Temwen Jewova yo nan Siberi

Òganizasyon Memoryal entènasyonal te fè yon konferans pou komemore 70yèm anivèsè depòtasyon Temwen Jewova yo nan Siberi

Nan dat ki te 1ye avril 2021 an, yo te bay yon konferans pou laprès nan vil Moskou pou komemore 70yèm anivèsè depòtasyon Temwen Jewova yo nan Siberi. Òganizasyon Memoryal entènasyonal te envite yon seri espesyalis nan peyi Larisi ak yon seri moun k ap defann dwa moun nan yon konferans akademik ki te fèt kèk jou annapre nan dat ki te 6 avril la. Moun ki te pran lapawòl yo pa t pale sèlman sou depòtasyon ki te fèt an 1951 an yo konnen sou non Operasyon nò, men tou yo te fè yon rale sou tout pèsekisyon Temwen Jewova yo jwenn nan peyi Larisi sa fè plizyè ane.

Se Ministè sekirite gouvènman sovyetik la (MGB) ki te vini ak Operasyon nò a. Nan kòmansman ane 1951, MGB te voye yon memorandòm bay Joseph Stalin, lidè Inyon sovyetik la, kote nou jwenn pawòl ki apre yo: “Nan lide pou nou elimine nèt mouvman moun Jewova yo, k ap aji anba anba kont enterè sovyetik yo, MGB ki nan USSR la wè li nesesè, anplis arete moun ki alatèt sèk Jehovis yo, pou yo mete tout moun ki nan sèk Jehovis yo deyò nan peyi Ikrèn, Belaris, Mòldavi, Letoni, Lityani ak Lestoni, epi depòte ni yo ni fanmi yo nan distri Ikousk ak Tòmsk.” Te gen prèske 10 000 moun, wi plis pase 3 000 fanmi, yo te depòte. Se pi gwo kantite moun Repiblik inyon sovyetik sosyalis la (USSR) depòte akoz relijyon yo.

Men sa Aleksandr Guryanov, ki t ap dirije konferans lan, te di nan pawòl entwodiksyon l yo: “Yo kontinye ap pèsekite gwoup relijye sa a jodi a [...], sa ki fè li toutafè nòmal pou n ap pale jodi a de istwa Operasyon nò a.”

Pavel Polyan, istoryen, jeyograf, ak espesyalis nan etidye depòtasyon USSR fòse moun fè, te pale de istwa Temwen Jewova yo nan Inyon sovyetik e li te esplike youn nan rezon ki fè yo te depòte yo. Nan fen ane 1940 yo ak kòmansman ane 1950 yo, MGB te kòmanse rann li kont Temwen Jewova yo trè byen òganize. Mete sou sa, mesye Polyan di: “Misyonè [Temwen Jewova yo] bon anpil, sa ki pa t fè otorite yo nan epòk la kontan, yo menm ki pa t kwè nan Bondye.”

Valeriy Borshchev, ki se yon moun k ap defann dwa moun e ki se youn nan prezidan Gwoup Èlsenki nan Moskou, te pale sou fason otorite sovyetik yo te eseye swadizan bay Temwen Jewova yo yon lòt fòmasyon lè yo sèvi ak pwopagann ak lòt metòd anba anba. Rive yon lè, selon sa mesye Borshchev di, “otorite ki te [responsab zafè relijyon yo] te rann yo kont tout sa yo te fè yo pa mache, se lave men siye atè. Nou dwe felisite Temwen Jewova yo. Yo te detèmine pou yo rete fidèl ak Bondye yo a”.

Sergey Davidis, manm konsèy Memoryal sant pou defann dwa moun e anmenmtan ki responsab pwogram Èd pou prizonye politik yo, te fè yon rale sou tout pèsekisyon Temwen Jewova yo te sibi depi ane 1998. Li te esplike rezon ki fè Lakou siprèm peyi Larisi te pran desizyon ann avril 2017 pou l entèdi aktivite Temwen Jewova yo nan peyi Larisi. Yo te fè sa paske Temwen Jewova yo di yo se vrè relijyon an. Mesye Davidis di: “Li klè, akizasyon yo a pa gen okenn sans paske tout moun ki nan yon relijyon kwè relijyon li ladan l lan se vrè relijyon an.”

Frè Yaroslav Sivulskiy, yon reprezantan Asosyasyon ewopeyen Temwen Jewova yo, te pale sou difikilte paran l te di l Temwen Jewova ki te rive Siberi yo te jwenn. Gen kèk nan fanmi yo yo te lage nan forè yo ki frèt anpil alòske yo pa t gen okenn kote pou yo rete. Frè yo te fouye yon seri gwo twou nan tè a pou yo rete. Yo te oblije viv konsa ak fanmi yo pandan plizyè mwa, jiskaske yo te vin ka konstwi yon kay nòmal pou yo rete. Pandan Temwen yo te nan forè yo, byen souvan, yo te oblije manje plant ki rele bwa zòti a, e yo te oblije manje kòs bwa. Anpil ladan yo te mouri akoz grangou ak maladi.

Yon frè ak sèt sè k ap prepare yo pou yo konstwi yon kote pou yo rete nan forè Siberi a.

Frè Sivulskiy fè konnen y ap pèsekite Temwen Jewova yo nan peyi Larisi jodi a pou menm rezon yo te fè depòtasyon an 1951 an. Otorite yo mal konprann pozisyon Temwen yo pran pou yo rete net nan zafè politik. Pou yo menm, sa montre nou pa rekonèt otorite Leta. Otorite yo bliye si Temwen Jewova yo se moun yo konnen ki respekte otorite, ki respekte lalwa e ki travay di.

Nan dènye pawòl Aleksandr Guryanov, prezidan konferans lan, te di yo, li te pale sou sitiyasyon ki gen kounye a nan peyi Larisi. Li di: “Gouvènman an sitou rayi Temwen Jewova yo.” Tout moun ki te la nan 70yèm anivèsè depòtasyon an rann yo kont se menm bagay yo k ap refèt ankò. Yon lòt fwa ankò, yo kondane yon seri sitwayen ki respekte lalwa tou senpleman akoz kwayans relijye yo genyen, yon bagay konstitisyon an ba yo dwa genyen.

Gen yon videyo sou evènman an ki disponib nan lang ris sèlman.