Al gade sa k anndan l

Frè Aleksandr Shutov.

12 SEPTANM 2022
LARISI

Aleksandr Shutov kontinye konte sou Jewova pou gide l

Aleksandr Shutov kontinye konte sou Jewova pou gide l

Tribinal distri Lazo nan tèritwa Kabawòvsk gen pou fè konnen desizyon l pran nan ka ki konsène frè Aleksandr Shutov. Komisè a poko fè konnen ki santans li ta renmen yo bay.

Dat ak evènman ki te pase

  1. 26 jiyè 2021

    Yo te ouvri ankèt kriminèl kont li.

  2. 30 jiyè 2021

    Yo fouye kay frè Aleksandr. Yo arete l, yo poze l yon pakèt kesyon e yo lage l, men yo entèdi l vwayaje.

  3. 3 out 2021

    Yo mete l sou lis moun ekstremis peyi Larisi.

  4. 28 avril 2022

    Pwosè a kòmanse.

Enfòmasyon pèsonèl

Pandan pèsekisyon yo ap vin pi rèd, nou swete pou nou tout travay pou lafwa nou vin pi djanm depi kounye a e pou n pran detèminasyon pou n gen “konfyans nan lanmou fidèl Bondye genyen an pou tout tan gen tan”. — Sòm 52:8.