Al gade sa k anndan l

Sè Yuliya Kaganovich.

11 FEVRIYE 2021
LARISI

Bonjan preparasyon ede sè Yuliya Kaganovich andire pèsekisyon

Bonjan preparasyon ede sè Yuliya Kaganovich andire pèsekisyon

Lè yo pwograme pou desizyon an

Tribinal distri Biwobidjan, nan Rejyon otonòm juif la, pwograme pou l fè konnen desizyon li pran nan ka sè Yuliya Kaganovich nan dat 18 fevriye 2021 an a. Komisè gouvènman an poko di ki santans li ta vle yo bay sè Yuliya.

Enfòmasyon pèsonèl

Yuliya Kaganovich

  • Dat ak kote li fèt: 1966 (Mikaylovka, nan rejyon Volgograd).

  • Byografi: Li te etidye jeni sivil. Lè l te jèn, li te aprann danse, li te gradye nan lekòl mizik, li te jwe nan yon òkès e l te chante nan yon koral. Aleksandr, mari l, pa Temwen Jewova, men li soutni sè Yuliya e li kwè dosye kriminèl yo ouvri kont madanm li an se yon gwo enjistis sa ye.

    Li te kòmanse reflechi sou sans lavi a apre l te fin pèdi kèk moun pa l nan lanmò. Repons Bib la bay yo te ede l santi l anpè e l te jwenn espwa. Li te batize an 1998. Prensip nan Bib la te ede l fè maryaj li vin solid, li te ede l amelyore relasyon l ak lòt moun e leve pitit gason l lan, Artur, ki Temwen Jewova tou.

    Li gen pwoblèm sante, e dosye kriminèl yo ouvri kont li a fè pwoblèm sa yo vin pi mal.

Sa k te pase

Men sa sè Yuliya Kaganovich sonje: “Lè m te tande pòt kay la frape byen bonè jou maten sa a, lamenm m te konnen kiyès. Kè m te pran bat byen fò, e sèl sa m te ka di: ‘Jewova, ede m. Jewova, ede m.’”

Se 10 oktòb 2019 yo te kòmanse pèsekite sè nou an ki gen 53 an nan vil Biwobidjan nan peyi Larisi poutèt l ap adore Bondye. Jou yo te fouye kay sè Yuliya byen bonè nan maten an, se te yon operasyon fouy Sèvis sekirite federal peyi Larisi t ap fè kont Temwen nan zòn nan, yo te fouye plis pase 20 kay frè ak sè nou.

Operasyon fouy la te lakòz anpil strès, men sè Yuliya ak lòt Temwen yo te gen fòs pou yo fè fas ak sa paske yo te prepare pou sa.

Sè Yuliya di: “Se toutan y ap di nou nan reyinyon yo yo ka vin fouye kay nou e nou dwe pare pou sa. Piske m te konnen sa ka rive, m te prepare lespri m pou sa pou m konnen ki jan m ap aji e ki sa m ap di.” Li di ankò: “Mwen rann mwen kont jan sa te enpòtan pou m reflechi sou sa alavans. Kòm rezilta, mwen te ka reflechi rapidman olye pou m te santi m bwouye, san m pa konn ki sa pou m fè.”

Otorite ris yo te ouvri dosye kriminèl kont frè ak sè yo tousuit apre yo te fin fouye kay yo. Yo te akize sè Yuliya ak lòt frè ak sè yo kòmkwa y ap patisipe nan aktivite ekstremis.

Nan dat 3 mas 2020 an, otorite yo te transfere ka a nan tribinal distri Biwobidjan an. Jijman an te kanpe pandan senk mwa akoz pandemi COVID-19 la. Sè Yuliya te tounen nan tribinal la 22 oktòb 2020.

Sè Yuliya di: “Se vre, mwen pa t swete nan sitiyasyon sa a. Men tou, mwen kontan defann souvrènte Jewova.”

Li di: “Pawòl ki nan Ezayi 41:10 la se egzakteman sa m te bezwen. Mwen te enprime vèsè a e m te kole l yon kote nan kay la yon fason pou asirans sa a Jewova Dye bay la te ka toujou devan je m. M te ka wè jan Jewova te fè jenou m yo ki t ap tranble vin djanm.”

Sè Yuliya te fè gwo efò pou l aprann plizyè vèsè pa kè, vèsè ki ede l rete kalm, ki ba l kouraj e ki ede l gen kè kontan malgre sitiyasyon yo stresan.

Se pou nou tout aji avèk sajès depi kounye a lè n reflechi byen alavans sou ki sa n ap di e ki sa n ap fè lè nou jwenn pèsekisyon, e pou nou fòtifye lafwa nou nan Jewova yon fason pou n pare pou eprèv k ap vini yo. Nou gen asirans “Jewova pap refize bay moun ki mache dwat yo okenn bon bagay”. — Sòm 84:11.

a Dat la ka chanje.