Al gade sa k anndan l

Frè Aleksey Khabarov

1ye SEPTANM 2021 | DÈNYE ENFÒMASYON 25 OKTÒB 2023
LARISI

DÈNYE NOUVÈL — YO METE YON FRÈ NAN PRIZON | Frè Aleksey Khabarov jwenn kouraj lè l priye e lè l li Pawòl Bondye a

DÈNYE NOUVÈL — YO METE YON FRÈ NAN PRIZON | Frè Aleksey Khabarov jwenn kouraj lè l priye e lè l li Pawòl Bondye a

Nan dat 20 oktòb 2023, tribinal distri Pòkovski nan rejyon Pskòv kondane frè Aleksey Khabarov pou dezan edmi prizon. Desizyon sa a pran apre komisè gouvènman an te fè apèl premye desizyon tribinal la te pran pou lage frè Khabarov. Sa fè twazyèm fwa frè Khabarov parèt devan tribinal pou yo jije l. Yo te mennen l nan prizon tousuit.

Nan dat 27 jen 2022, tribinal distri Pòkovski nan rejyon Pskòv te deklare frè Aleksey Khabarov pa koupab. Yo te retire tout akizasyon yo te lage sou do l kòm kriminèl.

Dat ak evènman ki te pase

  1. Nan dat 26 novanm 2021, tribinal rejyonal Pskòv aksepte apèl frè Aleksey la. Yo voye ka a tounen nan premye tribinal ki te jije l la pou yon lòt jij fè jijman an. Li pa gen pou al nan prizon nan moman an.

  2. 7 septanm 2021

    Tribinal distri Pòkovski nan rejyon Pskòv kondane frè Aleksey pou twazan prizon k ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo

  3. 29 oktòb 2020

    Pwosè a kòmanse

  4. 28 out 2020

    Yo kondane frè Aleksey poutèt li te “patisipe nan reyinyon relijyon l fè” kote moun ki te la yo te “pale de lafwa yo, yo te li Bib la, yo te pale sou Bib la e yo te chante”

  5. 7 fevriye 2020

    Yo te poze frè Aleksey kesyon pou fè l pale yon dezyèm fwa. Pandan moman sa a, yo te fè l konnen yo te anrejistre tout konvèsasyon li te fè nan telefòn an 2018

  6. 31 janvye 2020

    Yo kondane frè Aleksey pou krim

  7. 24 me 2019

    Frè Aleksey ekri Pwotektè sitwayen an nan rejyon Pskòv la pou l fè apèl desizyon an. Frè Aleksey fè konnen li pa yon kriminèl, li se yon moun ki kwè nan Bondye e ki onèt. Pwotektè sitwayen an fè konnen frè Aleksey gen dwa pou l gen kwayans li vle e pou l pratike relijyon l vle

  8. 3 avril 2019

    Yo fouye kay frè Aleksey, yo pran kèk nan bagay li genyen yo e polisye yo fòse l pale

Enfòmasyon pèsonèl

Nou santi nou menm jan ak frè Aleksey lè l di Jewova toujou ede moun ki fidèl yo “mete kouraj sou [yo] e mete kran sou [yo]”. — Sòm 27:14.