Al gade sa k anndan l

Agoch: Frè Anton Kuzhelkov ak Alyona, madanm li; Adwat: Frè Nikolay Prokhorov ak Yelena, madanm li.

27 JANVYE 2022
LARISI

De frè wè jan Jewova ede yo e yo montre yo gen kouraj

De frè wè jan Jewova ede yo e yo montre yo gen kouraj

Tribinal rejyon Tanbòv nan distri Kisanovski gen pou fè konnen desizyon li pran nan ka ki konsène frè Anton Kuzhelkov ak Nikolay Prokhorov. Komisè a poko fè konnen ki santans li ta renmen yo ba yo.

Dat ak evènman ki te pase

  1. 21 desanm 2020

    Yo ouvri yon ankèt kriminèl kont Anton ak Nikolay paske y ap òganize aktivite pou yon òganizasyon ekstremis.

  2. 24 desanm 2020

    Anketè yo fouye 19 kote, sa gen ladan l kay Anton. Yo t al ak Anton nan yon distans 350 kilomèt parapò ak kay li pou yo ka poze l kesyon. Yo te poze Nikolay kesyon e yo te ba l lòd pou l pa kite zòn nan.

  3. 25 desanm 2020

    Yo pa t kite Anton retounen lakay li e yo te voye l nan yon prizon.

  4. 30 out 2021

    Yo transfere Anton nan yon lòt prizon.

Enfòmasyon pèsonèl

Nou gen konfyans Jewova ap kontinye bay frè ak sè nou yo èd ak kouraj pou yo rive andire pèsekisyon. — Pwovèb 1:33.

a Frè Kuzhelkov nan prizon kounye a. Li pa t posib pou nou jwenn kòmantè pa l.