Al gade sa k anndan l

Agoch: Sè Tatyana Galkevich; Adwat: Sè Valentina Vladimirova.

24 JANVYE 2022
LARISI

De sè ki gen gwo pwoblèm sante rive andire sis mwa prizon grasa èd Jewova

De sè ki gen gwo pwoblèm sante rive andire sis mwa prizon grasa èd Jewova

Tribinal vil Smolensk nan distri Leninski gen pou fè konnen desizyon yo pran nan ka ki konsène sè Tatyana Galkevich ak sè Valentina Vladimirova. Komisè a poko fè konnen ki santans li ta renmen yo ba yo.

Dat ak evènman ki te pase

  1. 14 me 2019

    Otorite yo te ouvri yon ankèt kriminèl kont Tatyana ak Valentina. Lapolis te fouye apatman toule de sè yo epi kenbe yo nan prizon. Yo te poze yo kesyon pandan plis pase 48 èdtan. Byenke toule de gen gwo pwoblèm sante, yon tribinal te mande pou yo voye yo nan prizon.

  2. 22 novanm 2019

    Apre Tatyana ak Valentina fin fè plis pase sis mwa nan prizon, yo te lage yo. Men, sè yo pa ka kite kay yo pou y al kote yo vle.

  3. 31 desanm 2019

    Yo te mennen Valentina lopital paske sante l te vin pi grav.

  4. 6 out 2020

    Apre Tatyana te fin pase anviwon uit mwa lakay li san l pa ka al kote l vle, yo te ba l otorizasyon kite lakay li, men li pa t ka kite vil li t ap viv la. Valentina li menm toujou pa ka kite kay li, yo ba l otorizasyon pou l pale sèlman ak yon fanmi pwòch li ak yon avoka.

  5. 2 oktòb 2020

    Otorite yo te fè yon dokiman ki gen 400 paj ki gen akizasyon yo lage sou do Tatyana ak Valentina. Nan dokiman an, yo fè konnen sè yo konplis paske “y ap kache aktivite yon òganizasyon ki ekstremis”.

  6. 14 oktòb 2020

    Pandan yon jij t ap tande ka a anvan pwosè a, li te bay lòd pou yo tounen ka a bay komisè a paske gen nan prèv yo yo pa ka prezante nan tribinal la. Byenke Valentina pa t ka kanpe pandan pwosè a akoz pwoblèm sante li genyen, tribinal la pa t vle retire restriksyon Valentina genyen ki fè li pa ka kite kay li pou l al kote l vle.

  7. 25 fevriye 2021

    Yon tribinal anile desizyon yon jij te pran pou retounen ka a nan biwo komisè a, sa ki vin fè pwosè a ka fèt.

Enfòmasyon pèsonèl

N ap priye pou Jewova kontinye montre li se ‘yon fòs ak yon boukliye’ pou Valentina, Tatyana ak tout frè ak sè nou yo y ap pèsekite nan peyi Larisi ak nan Krime. — Sòm 28:7.