Al gade sa k anndan l

Frè Aleksandr Kalistratov

20 FEVRIYE 2023
LARISI

“Depi Jewova avè m, m ap toujou santi m an sekirite”

“Depi Jewova avè m, m ap toujou santi m an sekirite”

Nan dat 17 fevriye 2023 a, tribinal vil Gòno-Altayski nan Repiblik Altayi kondane frè Aleksandr Kalistratov pou sizan edmi prizon si yo arete l pou menm bagay yo ankò. Li pa gen pou al nan prizon pou kounye a.

Enfòmasyon pèsonèl

Nou gen konfyans Jewova ap kontinye tande vwa sèvitè fidèl li yo lè yo rele l lè yo gen pwoblèm. — 2 Samyèl 22:7.

Evènman ki te pase

  1. 2000

    Yo te arete l paske l pa t dakò antre nan lame. Yo te mete l nan prizon pou 21 jou annatandan yo te jije l. Apre sa, tribinal la te deklare li pa koupab.

  2. 2010

    Yo akize l kòm yon moun ki ekstremis. Yo te jije ka l la de fwa, apre sa yo te voye l nan pi gwo tribinal nan Repiblik Altayi a, e tribinal sa a te di li pa koupab.

  3. 16 desanm 2021

    Yo ouvè yon ankèt kriminèl kont li.

  4. 16 janvye 2022

    Ofisye yo te fouye senk kay Temwen Jewova nan Repiblik Altayi. Ofisye nan Sèvis sekirite federal la te antre ak fòs lakay frè Kalistratov e yo te kenbe l pou yo poze l kesyon. Yo te lage l nan aswè men li pa ka vwayaje al kote l vle.

  5. 25 out 2022

    Pwosè a kòmanse.