Al gade sa k anndan l

Frè Oleg Postnikov ak Agnessa, madanm li.

23 DESANM 2021
LARISI

Dispozisyon Jewova pran yo ede fanmi Postnikov santi yo anpè

Dispozisyon Jewova pran yo ede fanmi Postnikov santi yo anpè

Dat ak evènman ki te pase

  1. Tribinal rejyon otonòm Juif nan distri Biwobidjan gen pou fè konnen desizyon li pran nan ka ki konsène frè Oleg Postnikov ak sè Agnessa Postnikova. Komisè a poko fè konnen santans li ta renmen yo ba yo.

  2. 12 fevriye 2021

    Sèvis sekirite federal Larisi (FSB) te ouvri ankèt kriminèl kont Agnessa. Yo akize fanmi Postnikov kòmkwa yo fòme yon gwoup kriminèl e y ap pale ak lòt moun konsènan objektif ekstremis yo genyen. Yo te bay ni Oleg ni Agnessa lòd pou yo pa kite zòn nan, yo te bloke kont yo gen labank e yo te ajoute non yo sou lis teworis peyi Larisi genyen.

  3. 12 fevriye 2020

    Sèvis sekirite federal Larisi (FSB) te ouvri yon ankèt kriminèl kont Oleg.

Enfòmasyon pèsonèl

Eksperyans sa yo bay plis prèv Jewova prepare pèp li a pou rive andire divès kalite eprèv. Se pou nou tout kontinye konte sou “lanmou […] ak fidelite” Jewova. — Sòm 115:1.