Al gade sa k anndan l

Frè Vitaliy Ilinykh.

10 ME 2021
LARISI

Egzanp lòt moun bay ede frè Vitaliy Ilinykh gen kouraj

Egzanp lòt moun bay ede frè Vitaliy Ilinykh gen kouraj

Lè yo pwograme pou desizyon an

Tribinal distri Ousouriski, nan tèritwa Primorye, ap fè konnen anvan lontan desizyon li pran nan ka frè Vitaliy Ilinykh. a

Enfòmasyon pèsonèl

Vitaliy Ilinykh

  • Dat ak kote li fèt: 1974 (Ousouriski, tèritwa Primorye).

  • Byografi: Li te gradye nan akademi polis e l te travay nan depatman afè enteryè. Li te toujou ap mande poukisa moun mouri e ki sa k rive lè moun mouri. Li te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo ozanviwon ane 1995. Li te batize an 1999. Pou kounye a, li travay kòm moun k ap netwaye lari. Li te marye ak Irina an 2006.

Sa k te pase

Nan mwa fevriye 2019, yo te fouye kay frè Vitaliy Ilinykh paske gen yon dosye kriminèl yo te ouvri kont kèk Temwen nan vil Spask-Dalniy. Nan dat 18 septanm 2019, otorite nan peyi Larisi yo te kòmanse mennen ankèt kont frè Vitaliy. Epi, 23 oktòb 2019, ofisye yo te vin fouye kay li ankò, men fwa sa a yo te arete l e yo te mete l nan prizon pou de jou. Pandan l te nan prizon an, frè Vitaliy te priye Jewova. Li di: “Lè m te priye Jewova, dout mwen te genyen yo te ale, m te vin santi m kalm e m te santi m anpè.”

Lè yo te lage l, yo te anpeche l vwayaje. Jijman pa manman l lan, sè Olga Opaleva, toujou ap kontinye.

Vitaliy aprann anpil bagay nan eksperyans sa a. Men sa Vitaliy di: “Anvan sa, m te konnen Jewova pap kite nou sibi eprèv nou pa ka sipòte. Kounye a, mwen viv sa a pèsonèlman nan lavi m. Plis bagay yo vin rèd nan lavi nou, se plis nou vin pi pwòch Jewova. Jewova se Atizan ki ban nou fòm nan, e si l kite yon difikilte rive nan lavi m, l ap ede m andire l e l ka sèvi avè l pou l ban m fòm. Si sa ta parèt m pa ka andire yon eprèv, konnen se moman pou m priye Jewova pou m mande l ‘pisans ki depase yon pisans nòmal’ la.” — 2 Korentyen 4:7.

Vitaliy ki se yon moun ki timid te vin gen kouraj lè l te medite sou 1 Pyè 5:9. Men tou, li te jwenn fòs grasa bèl egzanp frè ak sè nan peyi Larisi yo ki rive kanpe tennfas devan pèsekisyon. Avèk detèminasyon, men sa Vitaliy di: “Kèlkeswa desizyon Jewova kite tribinal la pran nan ka pa m nan, [...] se yon onè sa ye pou m bay otorite yo temwayaj nan dènye jou sa yo.”

Menm jan ak Vitaliy, nou santi n ankouraje lè n wè bèl egzanp lafwa ak kouraj ki gen pami pèp Jewova a. E n ap kontinye di Jewova mèsi paske li fè n jwenn ‘tout bon bagay nou bezwen pou nou fè volonte l’. — Ebre 13:20, 21.

a Yo pa toujou fè konnen alavans ki lè y ap bay desizyon yo.