Al gade sa k anndan l

Soti agoch pou ale adwat: Frè Sergey Afanasiyev, frè Anton Olshevskiy, frè Adam Svarichevskiy, frè Sergey Yermilov.

18 ME 2022
LARISI

Esperans nou genyen pou lavni an ede frè nou yo andire

Esperans nou genyen pou lavni an ede frè nou yo andire

Tribinal vil Blagovetchensk la nan rejyon Amou gen pou l fè konnen desizyon li pran nan ka ki konsène frè Sergey Afanasiyev, frè Sergey Kardakov, a frè Anton Olshevskiy, frè Adam Svarichevskiy ak frè Sergey Yermilov. Komisè a poko fè konnen ki santans li ta renmen yo ba yo.

Dat ak evènman ki te pase

  1. 20 jiyè 2018

    Otorite yo te fouye kay frè Afanasiyev, kay frè Olshevskiy ak kay frè Svarichevskiy.

  2. 21 oktòb 2019

    Yo ouvri yon ankèt kriminèl kont frè Yermilov ak frè Olshevskiy paske yo t ap patisipe nan aktivite relijye otorite yo di ki ta ka swadizan gen move konsekans sou moun.

  3. 10 septanm 2020

    Yo ouvri yon ankèt kriminèl kont frè Svarichevskiy. Yo akize l paske li te met ak frè Olshevskiy ak frè Yermilov pou yo patisipe nan aktivite relijye yon òganizasyon yo entèdi.

  4. 18 septanm 2020

    Yo ajoute frè Afanasiyev nan dosye kriminèl la.

  5. 24 septanm 2020

    Yo fouye apatman frè Kardakov. Yo ajoute l nan dosye kriminèl la, e yo akize l kòmkwa li pa respekte lòd ak sekirite konstitisyon an di ki pou genyen nan peyi a paske li li Labib e li priye Jewova Dye.

  6. 12 mas 2021

    Yo akize frè Olshevskiy paske l ap òganize reyinyon relijye yo entèdi e paske l ap òganize travay predikasyon an.

  7. 21 oktòb 2021

    Pwosè a kòmanse.

Enfòmasyon pèsonèl

Frè nou yo ban nou bèl egzanp lefètke yo pa ret konsantre sou pèsekisyon y ap jwenn kounye a, men pito sou rekonpans san parèy yo pral jwenn talè konsa ki rezève pou sila yo ki met konfyans yo nan Jewova. — 2 Korentyen 4:17, 18.

a b Foto ak kòmantè frè Sergey Kardakov ak frè Anton Olshevskiy pa disponib.