Al gade sa k anndan l

Frè Aleksey Smelov.

3 FEVRIYE 2022
LARISI

Frè Aleksey Smelov jwenn èd nan men Jewova pou l andire

Frè Aleksey Smelov jwenn èd nan men Jewova pou l andire

Tribinal Repiblik Karelya nan vil Kondopoga gen pou fè konnen desizyon li pran nan ka ki konsène frè Aleksey Smelov. Komisè a mande pou l peye 500 000 woub (anviwon 6 410 dola ameriken) kòm amann.

Dat ak evènman ki te pase

  1. 23 jiyè 2019

    Otorite yo te ouvri yon ankèt kriminèl kont Aleksey paske yo fè konprann li se youn nan chèf òganizasyon relijye yo entèdi a, e li patisipe nan òganize reyinyon ak pataje yon seri swadizan pwopagann.

  2. 31 jiyè 2019

    Ajan FSB yo te rantre ak fòs nan 15 kay ak kote Temwen Jewova yo travay nan Kondopoga ak nan Petwozavòdsk. Polisye yo te pran pòz se plonbye yo ye pou yo rantre nan kay fanmi Smelov pou yo fè fouy. Yo te ale ak Aleksey ak Irina, madanm li, nan lokal FSB a pou yo poze yo kesyon. Annapre, yo te ale ak Aleksey nan biwo santral FSB a ki nan Petwozavòdsk. Ozanviwon 11:30 p.m., yo te lage l e yo te ba l lòd pou l pa kite zòn lakay li.

  3. 7 out 2019

    Otorite yo lage akizasyon kriminèl sou do Aleksey paske li vyole 1ye pati atik 282.2 Kòd kriminèl Federasyon Larisi a.

  4. 9 avril 2020

    Yo te kanpe ankèt la akoz pandemi COVID-19 la.

  5. 8 jen 2020

    Yo rederape ankèt la.

Enfòmason pèsonèl

Menm jan ak Aleksey, nou gen konfyans Jewova ap kontinye “itilize fòs li an favè” tout moun y ap pèsekite yo. — 2 Kwonik 16:9.