Al gade sa k anndan l

Frè Andrey Gubin.

5 AVRIL 2021
LARISI

Frè Andrey Gubin rete fèm malgre yo lage akizasyon sou do l poutèt lafwa l

Frè Andrey Gubin rete fèm malgre yo lage akizasyon sou do l poutèt lafwa l

MIZAJOU | Tribinal la anile santans frè Gubin nan

Nan dat 1ye fevriye 2022 a, tribinal ki nan Rejyon otonòm Juif la te anile santans frè Andrey Gubin nan. Yo voye dosye a nan yon tribinal ki pi ba pou yo jije ka a ankò.

Nan dat ki te 9 septanm 2021 an, tribinal distri Biwobidjan, nan Rejyon otonòm Juif, kondane frè Andrey Gubin pou dezan edmi prizon k ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo. Li pa gen pou al nan prizon pou kounye a.

Enfòmasyon pèsonèl

Andrey Gubin

  • Dat ak kote li fèt: 1974 (Vil Saran, nan Kazakstan)

  • Byografi: Li gen yon gran frè ak yon gran sè. Lè l te jèn, li te konn travay lè l sot lekòl kòm apranti kote yo ranje seri pòt pou l te ka jwenn kòb pou ede fanmi l. Annapre, li te konn travay kòm operatè machin ki travay bwa, metal oswa lòt materyèl, e li te konn kondui gwo machin yo konn itilize sou chantye konstriksyon yo. Li renmen fè spò, ekri powèm ak jwe enstriman mizik.

  • Lè l te jèn, enjistis ak mechanste ki gen nan monn nan te ba l pwoblèm. Se lè l te etidye Bib la lavi l te vin gen sans e li te santi l anpè. Pwomès Bib la fè pou gen jistis ak lapè sou tè a ankò te pouse l vwe lavi l bay Jewova Dye. Li te batize nan ane 1991 lè l te gen 17 an. Li te marye ak Tatyana nan ane 2007. Li t al viv Biwobidjan nan ane 2011.

Sa k te pase

Nan dat ki te 12 fevriye 2020 an, ajan Sèvis sekirite federal la (FSB) te kòmanse mennen ankèt sou frè Andrey Gubin. Nan dat ki 17 septanm 2020 an, yo te kòmanse pwosè l la.

Ka a se jis youn pami 19 ankèt kriminèl yo mennen kont frè ak sè nou yo nan Rejyon otonòm Juif la apre yo te fin fè yon seri fouy lakay anpil frè ak sè nan menm jou a nan kad yon operasyon polisye yo te rele “Jou jijman”. Nan dat ki 17 me 2018 la, 150 polisye te fouye 22 kay Temwen Jewova. Otorite yo te sezi kat labank ba yo, lajan, foto, òdinatè ak aparèy elektwonik.

Otorite yo te anpeche Andrey ak Tatyana gen aksè ak kont yo gen labank. Sa ki te vin lakoz koup la te vin gen gwo pwoblèm pou yo jwenn kòb yo bezwen pou yo viv. Epitou, kòm ankèt la dire plizyè mwa, sa te gen gwo efè sou sante Tatyana. Epoutan, koup la te jwenn rekonfò lefètke yo te li Bib la regilyèman. Sa ki te sitou ede yo se konsèy pratik Bib la bay sou fason pou andire sitiyasyon ki difisil anpil.

Andrey vin gen plis konfyans nan Jewova ak òganizasyon l lan lè l wè jis nan ki pwen frè ak sè yo nan kongregasyon an soutni l. Pa egzanp, yon jou sitiyasyon Andrey ye a te enkyete l. Li te di yon frè yo deja mennen ankèt kriminèl kont li ki jan li santi l. Pou kòmanse, frè a te fè Andrey konnen li nòmal pou l santi l konsa. Apre sa, li te fè Andrey sonje Jezi te fè konnen se yon privilèj sa ye lè yo pèsekite nou pou non Jewova. Men sa Andrey di: “Lè l te fin di m sa, mwen te santi m kalm. Mwen detèmine pou m kontinye fè volonte Papa nou an.”

N ap priye pou Andrey ak Tatyana kontinye konte sou rekonfò ak fòs yo ka jwenn nan Pawòl Bondye a ak nan men frè ak sè yo. Nou gen konfyans “sa ap mache byen pou moun ki gen lakrentif pou vrè Dye a”. — Eklezyas 8:12.