Al gade sa k anndan l

Tousuit apre frè Konstantin Bazhenov fin travèse fwontyè peyi Ikrèn nan, yon koup te akeyi li menm ak Irina, madanm li, e koup la kenbe yon bandwòl ki gen pawòl ki nan Ezayi 54:17 la ekri sou li: “Nenpòt zam yo fè kont ou pap itil anyen […]. Se sa Jewova di.”

20 ME 2021
LARISI

Frè Konstantin Bazhenov rive sennesòf ann Ikrèn apre peyi Larisi fin depòte l

Frè Konstantin Bazhenov rive sennesòf ann Ikrèn apre peyi Larisi fin depòte l

Nan dat ki te 5 me 2021 an, yo te lage frè Konstantin Bazhenov ki te nan yon prizon nan peyi Larisi a. Apre, yo te kenbe l pou yon ti tan, epi yo depòte l al nan peyi Ikrèn nan dat ki te 19 me 2021 an. Irina, madanm li, te gentan vwayaje alavans pou l ka rankontre frè Konstantin lè l rive. Peyi Larisi depòte frè Konstantin paske yo te anile nasyonalite Ris li te genyen an nan mwa me 2020.

Katòz jou apre frè Konstantin Bazhenov soti nan prizon nan peyi Larisi, li menm ansanm ak Irina, madanm li, nan peyi Ikrèn, tousuit apre li fin travèse fwontyè a nan dat ki te 19 me 2021 an.

Enfòmasyon pèsonèl

Konstantin fèt an 1975 nan lwès peyi Larisi nan yon vil ki rele Veliki Novgowòd. Fanmi li te fèt la pa t enterese nan relijyon. Lè l te piti, fanmi l te deplase al viv ann Ikrèn. Lè l te jèn, li te nan jimnastik e li te renmen mizik. Li te diplome nan yon lekòl mizik e li te vin chèf òkès yon fanfa.

Konstantin potko ap etidye Labib lè l te kwè vyolans ak lagè pa bon. Se sa k fè, lè yo te mande l sèvi nan lame peyi Ikrèn nan, li te refize. Lè l te nan inivèsite, li te gen kesyon sou lavi a ak sou relijyon. Li te chèche repons yo nan anpil relijyon, menm se lè l te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo, li te jwenn repons li t ap chèche yo. Li te batize an 1996.

Konstantin marye ak Irina an 2001. Pou l pran swen li menm ak Irina, li travay kòm moun ki konn poze brik, e li sitou fò nan fè fou ak nan fè fwaye dife. Yo t al viv nan peyi Larisi nan ane 2009.

Fouy ak prizon

Nan dat ki te 12 jen 2018 la, fòs espesyal nan lame Larisi te fouye kay sèt Temwen Jewova nan vil Saratòv, sa gen ladan l apatman Konstantin ak Irina a. Yo te arete li menm ak de lòt frè nan vil Saratòv, e yo te kenbe yo nan prizon.

Kou Konstantin rive nan prizon an, li konnen l ap bezwen rekonfò ak èd nan Pawòl Bondye a, men li pa t ka jwenn yon Bib. Men sa l di: “Madanm mwen te voye yon kanè nòt pou mwen. Chak jou, mwen te konn ekri vèsè m te sonje yo.” Jewova te ede l sonje 500 vèsè nan sèlman de mwa! Lè l te vin gen yon Bib, li te li tout Bib la nan kat mwa. Bib la te ba l anpil fòs. Epitou, se pa ti kontan li te kontan ekri madanm li ak zanmi l lèt pou pataje yon seri pwen ankourajan avèk yo.

Souvan, Konstantin priye Jewova ak tout kè l pou ede l andire pandan tan li nan prizon an, sitou lè l santi l poukont li e l sonje madanm li. Men sa l di: “Mwen te konn met ajenou e m tonbe kriye pandan m ap priye Jewova. Mwen te deside ekri sa m ap mande Bondye yo sou yon papye epi mwen te konn make lè li reponn yo. Mwen te gen konviksyon Jewova te vrèman pwòch mwen.” Nan dat ki te 20 me 2019 la, yo te lage l. Men, pwoblèm li yo pa t fini la.

Santans

Finalman, yo te kondane Konstantin ak senk lòt frè nan Saratòv, e yo te voye yo nan prizon nan dat ki te 19 septanm 2019 la. Kèk mwa annapre, yo te pèdi apèl yo te fè a. Yo te voye senk nan frè yo nan prizon nan Orenbou. Yo te voye Konstantin nan yon prizon nan Dimitwovgrad, ki nan yon distans plis pase 500 kilomèt ki separe l ak kay li ak madanm li ki Saratòv.

Konstantin k ap komemore Memoryal 2020 an nan prizon.

Pandan Irina pa t menm kote ak Konstantin, li te jwenn fòs lè l te li byografi frè ak sè ki te andire pèsekisyon avèk kouraj e avèk jwa, nan seri atik ki parèt nan seksyon Nouvèl sou sit jw.org la. Yon lòt bagay ki ankouraje Irina se bonjan etadespri Konstantin genyen ak kalm li genyen. Men sa l di konsènan yon entèvyou yo te fè ak Konstantin pandan li te nan prizon an: “Li pa t janm di anyen ki negatif!” Lè yo te pèmèt li rele Konstantin, yo te chante kantik, priye epi etidye ansanm. Sè Irina di konvèsasyon yo te gen sou Bib la te fòtifye lafwa l, e li te ede l kenbe jwa l malgre sitiyasyon difisil yo.

Yo te kenbe Konstantin yon kote pandan plis pase 14 mwa anvan yo jije l, e li te fè plis pase ennan edmi nan prizon akoz lafwa l. Li te sipoze pase twazan edmi nan prizon, paske se santans sa a yo te ba li. Men, yo te lage l nèf mwa anvan paske kantite tan li te fè kote yo te kenbe l anvan yo jije l la egal yon fwa edmi tan prizon. Mete sou sa, li pa t gen pou l fin fè de mwa ki te rete a paske yo te lage l toutpandan li gen kèk kondisyon pou l respekte.

Nou kontan paske Konstantin lage e li ak Irina kounye a. Tout frè ak sè nou yo k ap andire pèsekisyon montre yo vrèman suiv pawòl wa David te di yo: “Se anba zèl ou m ap kache jiskaske pwoblèm yo pase.”— Sòm 57:1.

a Lè yo te lage Konstantin an, Irina ak anviwon 20 frè ak sè t ap tann li deyò a pou salye l anvan yo transfere l kote li t apral pase tan anvan yo depòte l la. Polisye ki te gen responsablite al avèk Konstantin an te pèmèt li pase 30 minit ak madanm li anvan yo t al avèk li kote yo t apral depòte l la.