Al gade sa k anndan l

Frè Nikolay Aliyev ak Alesya, madanm li.

25 MAS 2021
LARISI

Frè Nikolay Aliyev montre li gen kouraj pandan l ap andire pèsekisyon poutèt lafwa l

Frè Nikolay Aliyev montre li gen kouraj pandan l ap andire pèsekisyon poutèt lafwa l

MIZAJOU | Tribinal la rejte apèl la

Nan dat 2 septanm 2021 an, tribinal rejyonal Kabawòvsk la rejte apèl frè Nikolay Aliyev te fè a. Yo kenbe santans premye tribinal la te ba li a. Li pa gen pou al nan prizon pou kounye a.

Yo kondane frè Nikolay Aliyev

Nan dat 4 jen 2021 an, tribinal distri santral Komsomolsk-sou-Amou kondane frè Nikolay Aliyev pou katran edmi prizon k ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo.

Enfòmasyon pèsonèl

Nikolay Aliyev

  • Dat ak kote li fèt: 1978 (Komsomolsk-sou-Aamou).

  • Byografi: Lè l te piti, li t ap poze tèt li kesyon sou orijin lavi a ak linivè. Sa te pouse l chèche repons kesyon yo nan Bib la. Li te kite spò ki gen goumen ladan l lè l te fin reflechi sou sa Jezi anseye konsènan lapè e lè l te reflechi sou egzanp Jezi bay nan lavi l. Li te batize antanke Temwen Jewova nan ane 1993.

    Li te marye ak Alesya nan ane 2016. Gen anpil bagay yo renmen fè ansanm kòm pastan, tankou vwayaje, mache nan mòn ak fè ski.

Sa k te pase

Nan dat ki te 22 me 2020 an, byen bonè nan maten, ajan polis ki nan vil Komsomolsk-sou-Amou te fouye kay Nikolay ak Alesya. Lè polisye yo te rantre, yo te lage Nikolay atè epi yo te fouye kay la pandan senk èdtan anvan yo te mennen yo nan pòs polis. Pandan otorite yo t ap poze Nikolay kesyon, yo te sijere l chanje relijyon pou l rantre nan yon relijyon ki plis tradisyonèl. Epitou, yo te ankouraje Alesya pou l kowopere si l pa vle “yon move bagay rive” mari l. Malgre menas yo te fè yo, yo te lage yo nan menm jou swa a e yo te retounen lakay yo.

Sa ki te bay Nikolay fòs se lè l te reflechi sou anpil fason Jewova te ede l pandan moman difisil sa yo. Li di: “Lè w ap fè fas ak eprèv, ou rann ou kont ou pa ka fè fas avèk yo poukont ou. Mwen te vin plis ap veye jan Jewova reponn priyè m yo epi montre m ki sa pou m fè. Mwen te vin gen konviksyon pawòl apot Pòl yo se verite: ‘Paske lè m fèb, se atò m gen pisans.’” — 2 Korentyen 12:10.

Nikolay ak Alesya kontinye jwenn fason pou yo vin gen plis kouraj e pou yo rete kalm. Yo enprime pawòl ki nan Ezayi 41:10 la, epi yo kole l sou frijidè yo. Nikolay di: “Lè bagay yo difisil, mwen li vèsè a epi m vin pi byen wè bagay yo. Pawòl sa yo ankouraje m pou m pa pè. Sa ki sitou ban m fòs se asirans Jewova ban mwen li avè m, li tèlman pre m se kòmsi li pase men dwat li sou zepòl mwen tankou yon bon zanmi.” Nou gen asirans Jewova ap toujou bay sèvitè fidèl li yo fòs.