Al gade sa k anndan l

Frè Semyon Baybak.

25 novanm 2020
LARISI

Frè Semyon Baybak gen pou l kanpe devan tribinal poutèt lafwa l

Frè Semyon Baybak gen pou l kanpe devan tribinal poutèt lafwa l

Lè yo pwograme pou desizyon an

Tribinal distri Leninski nan Rostov-on-Don pwograme pou l fè konnen desizyon l pran nan ka frè Semyon Baybak nan dat 18 desanm 2020 an *. Komisè gouvènman an mande pou tribinal la bay Semyon katran prizon k ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo.

Enfòmasyon pèsonèl

Semyon Baybak

  • Dat li fèt: 1997 (Rostov-on-Don)

  • Byografi: Li gen yon gran frè ak yon gran sè. Li te aprann chinwa e l ap travay kòm pwofesè lang chinwa. Li renmen li e l renmen ekri powèm.

  • Paran l yo te aprann li konn Jewova depi l te toupiti. Toutpandan l t ap grandi, li te vin renmen prensip saj ki nan Bib la. Li te refize fè sèvis militè akoz lafwa l. Li te fè yon sèvis sivil soti 2015 rive 2017, kote l te travay kòm yon moun k ap netwaye lopital pou timoun ki nan zòn nan.

Sa k te pase

Nan dat 22 me 2019, ofisye nan biwo lokal k ap lite kont ekstremis te fouye 13 kay Temwen Jewova nan Rostov-on-Don. Anviwon de semèn apre, nan dat 6 jen 2019, yo te ouvri yon dosye kriminèl kont Semyon. Apre sa, yo te arete l e l te pase yon jou nan gadavi anvan yo voye l tounen lakay li kote l t ap rete kòm prizonye. Okòmansman, yo te ba l uit semèn, men an sèt fwa yo te pwolonje tan an.

Otorite yo te akize Semyon kòm moun ki fè “krim” paske l te patisipe nan reyinyon relijyon l t ap fè e paske l t ap pale ak lòt moun konsènan sa l te aprann nan Bib la. An novanm 2019, otorite yo te akize l tou kòmkwa l ap finanse aktivite yon òganizasyon “ekstremis”.

Yo kontinye ap pèsekite frè ak sè nou yo nan Larisi, men nou konnen Jewova, “Bondye lapè a”, ap kontinye fè yo jwenn tout sa yo bezwen “pou [yo] fè volonte l”. — Ebre 13:20, 21.

^ § 3 Dat la ka chanje.