Al gade sa k anndan l

Frè Sergey Ledenyov ak Anna, madanm li.

20 NOVANM 2020
LARISI

Frè Sergey Ledenyov ka pase sizan nan prizon nan peyi Larisi

Frè Sergey Ledenyov ka pase sizan nan prizon nan peyi Larisi

Lè yo pwograme pou desizyon an

Tribinal vil Petropavlovsk-Kamchatski nan tèritwa Kamchatka pwograme pou l bay desizyon li pran nan ka frè Sergey Ledenyov nan dat 24 novanm 2020 an *. Frè nou an ka pase sizan nan prizon.

Enfòmasyon pèsonèl

Sergey Ledenyov

  • Dat li fèt: 1974 (Osora, nan zòn Kamchatka).

  • Byografi: Li se youn nan sis pitit paran l genyen. Li renmen fè desen e li renmen fè foto. Li travay nan konstriksyon kòm bòs mason e li konn poze seramik. Anvan Ii te etidye Labib ak Temwen Jewova yo, li te panse Bib la pa ann amoni ak lasyans e li pase mòd. Nan ane 2017, li te marye ak Anna. Anna di lefètke Sergey te suiv prensip ki nan Bib la nan lavi l, sa te ede l vin yon mari ki kalm, ki pran ka m e ki demontre lanmou pou mwen.

Sa k te pase

Nan dat 2 desanm 2018, yon gwoup polisye ki gen zam nan men yo e ki gen kagoul nan tèt yo te rantre lakay frè Ledenyov nan vil Petropavlovsk-Kamchatski. Yo te arete l epi mete l nan prizon paske yo di li vyole atik 282.2 kòd kriminèl Larisi. Jijman an te kòmanse nan dat 28 novanm 2019.

Nan dat 12 desanm 2019, tribinal vil Petropavlovsk-Kamchatski nan tèritwa Kamchatka te retounen dosye a bay komisè gouvènman an. An jeneral, sa rive lè tribinal la jwenn gwo pwoblèm nan dosye a, tankou manke ase prèv. Men, nan dat 4 fevriye 2020, yon pi gwo tribinal te chanje desizyon an epi mande pou yo rekòmanse pwosè a. Apre sa, nan yon jijman, otorite yo te poze ni madanm frè Ledenyov ni yon lòt sè kesyon epi yo te fè presyon sou yo pou yo bay fo temwayaj kont frè Ledenyov. Sè Ledenyov ak lòt sè a te refize fè sa.

Fanmi frè Ledenyov ki pa Temwen yo pa ka konprann rezon ki fè y ap pèsekite l pou lafwa l.

N ap priye pou frè ak sè Ledenyov pandan y ap tann desizyon an. Nou gen konviksyon lespri Jewova poze sou yo. — 1 Pyè 4:14.

^ § 3 Dat la ka chanje.