Al gade sa k anndan l

Frè Sergey Melnikov.

25 MAS 2021
LARISI

Frè Sergey Melnikov di Jewova te ba li “pisans ki depase yon pisans nòmal” lè l te nan prizon poutèt lafwa l

Frè Sergey Melnikov di Jewova te ba li “pisans ki depase yon pisans nòmal” lè l te nan prizon poutèt lafwa l

Lè yo pwograme pou desizyon an

Tribinal distri Ousouriski, nan tèritwa Primorye, gen pou fè konnen anvan lontan desizyon l pran nan ka frè Sergey Melnikov. a Komisè gouvènman an poko fè konnen ki santans li vle yo ba li.

Enfòmasyon pèsonèl

Sergey Melnikov

  • Dat ak kote l fèt: 1973 (Tèney, tèritwa Primorye).

  • Byografi: Li te travay kòm bòs chapant, ponpye, pechè pwason ak moun k ap fè netwayaj. Lè l te jèn li te renmen fè yon spò yo rele oki e l te renmen jwe volebòl. Li te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo nan kòmansman ane 2000 yo. Li te deplase al viv Ousouriski an 2003 e l te batize nan menm ane sa a.

Sa k te pase

An jen 2019, yo te akize frè Sergey Melnikov kòm kriminèl. Otorite yo te arete l pandan l t ap pale ak yon mesye ki te montre l enterese nan Bib la. Otorite yo te fouye kay li tou, e yo te sezi laptòp li ak telefòn selilè l.

Frè Sergey te pase kat mwa nan detansyon pwovizwa e l te pase 145 jou lakay li kòm prizonye. Frè Sergey fè konnen pafwa li te santi l pa gen fòs pou l andire. Nan moman sa yo, li te konn sonje pawòl nou jwenn nan 1 Korentyen 10:13 yo e tousuit li te konn santi l pi byen. Men sa l di: “Mwen te rive konprann si Jewova kite eprèv sa yo rive, mwen kapab andire yo. Jewova te ban m ‘pisans ki depase yon pisans nòmal’.” — 2 Korentyen 4:7.

Nan dat 25 fevriye 2020 an, frè Sergey pa t nan prizon lakay li ankò. Men, yo mete limit sou deplasman l.

Pandan n ap tann desizyon tribinal la, nou gen konfyans Jewova ap kontinye ede frè Sergey ak tout frè ak sè nou yo nan Larisi e l ap montre li se yon “boukliye” pou yo. — Sòm 115:11.

a Nou pa toujou konnen dat y ap bay desizyon an.