Al gade sa k anndan l

Sergey Verkhoturov ak Viktoriya, madanm li.

26 FEVRIYE 2021
LARISI

Frè Sergey Verkhoturov rete kalm malgre yo ka kondane l pou setan prizon

Frè Sergey Verkhoturov rete kalm malgre yo ka kondane l pou setan prizon

Lè yo pwograme pou desizyon an

Nan dat ki te 1ye mas 2021 an a, tribinal distri Priyokski nan Nijni Novgowòd ka fè konnen desizyon li pran nan ka ki konsène frè Sergey Verkhoturov. Yo ka kondane l pou l pase setan nan prizon.

Enfòmasyon pèsonèl

Sergey Verkhoturov

  • Dat ak kote li fèt: 1974 (Bayikalsk, nan zòn Ikitsk).

  • Byografi: Li te yon elektrisyen pandan dizan. Tou dènyèman, li te travay kòm konseye jiridik pou yon konpayi.

  • Lè l te jèn, li te enterese ak Labib. Lè l te vin gran, bon konduit yon kòlèg travay li ki t ap etidye Labib ak Temwen Jewova yo te gen gwo efè sou li. Se sa k fè, li te aksepte yon etid Labib. Li te sezi wè jan Bib la lojik e li senp. Li te batize an 1995. Li te marye ak Viktoriya nan ane 2001.

Sa k te pase

Nan dat ki te 16 ak 17 jiyè 2019 la, otorite nan peyi Larisi yo te fouye 35 kay Temwen Jewova nan Nijni Novgowòd, san wete kay Verkhoturov. Men sa Sergey sonje lè otorite yo t ap fouye kay li a: “Mwen te kalm, e m te jis santi m yon tikras enkyè.” Apre sa, otorite yo te menase pou yo met Viktoriya nan prizon si li pa fè konnen yon seri enfòmasyon konfidansyèl. Sergey di: “[Sa] te difisil anpil pou mwen.”Jewova te ede l rete kalm, yo pa t met Viktoriya b nan prizon.

Sergey di: “Mwen te aprann pou m pa pè bagay yo anvan yo rive, paske byen souvan bagay yo pa rive jan nou te panse yo a. Lè w ap fè fas ak yon eprèv, moun k ap gade yo ap mande ki jan w fè kenbe, men ou rann ou kont ou rive andire paske Jewova ede w yon fason espesyal.”

Pou Sergey kenbe jwa l, li konsantre sou fè yon seri bagay pou Jewova ak pou lòt moun. Men sa l di: “Sa k plis enterese m se bay Jewova glwa. Mwen priye sou sa, e m ap kontinye priye sou sa. Epitou, mwen priye pou m andire yon fason k ap fè moun bay non l glwa, e k ap bay lòt moun yon bèl temwayaj. Moun mwen rankontre depi lè yo kòmanse pèsekite m yo pa t konn anyen sou Bondye, e genyen ki te konn yon tikras bagay sou li. Mwen sipliye Jewova ak tout kè m pou l ede yo konn plis bagay sou li e pou yo vin zanmi l.”

Toutpandan yo kontinye ap pèsekite frè ak sè nou yo nan peyi Larisi, nou santi nou menm jan ak apot Pòl ki te di: “Se pou Seyè lapè a li menm ban nou lapè toutan, nan tout sans. Mwen swete pou Seyè a avèk nou tout.” — 2 Tesalonisyen 3:16.

a Yo ka chanje dat la.

b Nan mwa mas 2020, otorite yo te ouvri yon ankèt kriminèl kont Viktoriya.